TSK

TSK · Genesis 34:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jakòb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.

-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':

¶ Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,

Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.

¶ Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.

Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la.

¶ Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l'. Li te renmen l' kou de grenn je nan tèt li.

Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.

Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil tonbe, yo mouri yon sèl jou.

¶ Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.