TSK

TSK · Genesis 46:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.

¶ Apre sa, yo pati yo kite Betèl. Yo pa t' twò lwen rive lavil Efrata lè lè a te rive pou Rachèl akouche. Li t'ap soufri anpil.

¶ Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'.

Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen.

¶ Jozèf se boujon yon pye rezen ki konn donnen, li soti nan yon pye rezen bò sous dlo ki donnen byen. Branch li yo moute sou tout miray la.

¶ Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.