TSK

TSK · Isaiah 41:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a.

Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.

Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.

Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.

Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.

Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.

M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.

M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.

¶ Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.

¶ Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.

¶ Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.