TSK

TSK · Jeremiah 49:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye; se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.

Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.

¶ Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.

Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.

Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.

¶ Lè Sanbala ak Tobija ansanm ak moun Arabi yo, moun Amon yo ak moun Achdòd yo tande travay reparasyon miray ranpa lavil Jerizalèm yo t'ap mache, epi twou ki te nan miray yo te konmanse bouche, yo fè gwo kòlè, yo fache.

Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.

mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Lèfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Moab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm.

¶ Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!

¶ Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.

¶ -Nonm o! Bay mesaj la! Pale. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa: Nepe a, nepe a pare pou touye! Li byen file pou depatcha. Li byen netwaye pou fè l' fè zèklè.

-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.

¶ Seyè a di ankò! -Mwen te tande jan moun peyi Moab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.