TSK

TSK · John 15:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.

Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale.

¶ Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.

Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an.

pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.

Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.

¶ Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo.

¶ Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan.

Mark 12:1 TSK

¶ Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj.

John 1:9 TSK

Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.

John 6:32 TSK

Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa t' ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m' k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an.

Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.