Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.
TSK
TSK · John 16:28
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.
¶ Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
¶ Talè konsa nou p'ap wè m'; talè konsa n'a wè m' ankò.
¶ Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.
Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo.