TSK

TSK · Jonah 2:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.

Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.

Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.

Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?

Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.

¶ Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!

Jonah 2:4 TSK

Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!

Seyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li.

Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.