TSK

TSK · Lamentations 4:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.

Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!

Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!

Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa.

Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.

David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'?

Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou.

Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.

Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas.

Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.

M'ap voye privye mwen dèyè li, m'ap pran l' ladan l'. Lèfini, m'ap mennen l' lavil Babilòn nan peyi moun Kalde yo. Men, l'ap mouri nan peyi sa a san li p'ap janm wè l' ak je l'.

Men, lòt nasyon yo pran nouvèl la. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a. Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo trennen l' ale nan peyi Lejip.

Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo.