TSK

TSK · Leviticus 26:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.

Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la.

¶ Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo.

Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'.

Nan pwovens yo menm, jwif yo te òganize yo pou defann tèt yo. Yo fè lènmi yo ba yo lapè, yo touye swasannkenzmil moun ki pa t' vle wè yo. Men, yo menm tou yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo.