TSK

TSK · Leviticus 26:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.

Seyè a va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou.

Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la.

Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil moun avè l'.

Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'.

Pou konmanse, te gen Jakobeyam ki soti nan branch fanmi Akmoni an. Se li menm ki te chèf twa pi vanyan yo. Pou kont li, li batay ak twasan moun ak frenn li ase. Li touye yo tout yon sèl kou.

Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.