Samyèl di li: -Atout yon lè ou te rekonèt ou pa t' anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la?
TSK
TSK · Luke 14:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
¶ Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.
¶ Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.
Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.