TSK

TSK · Luke 19:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.

Apre sa, li kite yo, li soti lavil la, li ale Betani. Se la li pase nwit lan.

Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè.

¶ Apre sa, Jezi soti, li al mòn Oliv la, jan l' te konn fè a. Disip yo swiv li.

¶ Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm.