TSK

TSK · Luke 6:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.

Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l' bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y'ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l'. Lè sa a, n'a met men sou li, n'a tire revanj nou.

Mark 3:2 TSK

Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.

Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.

¶ Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l' nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.

John 9:16 TSK

Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.