Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
TSK
TSK · Luke 7:47
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.
Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.
Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.
¶ Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.
Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.
Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.
Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.