¶ Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo.
TSK
TSK · Malachi 3:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo fini ak jaden rezen nou yo. Yo manje tout pye fig frans nou yo. Yo wete tout kòs pye fig frans yo voye jete atè. Branch pye rezen yo rete kanpe tou blan.
Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.
Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,
Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.