¶ Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè.
TSK
TSK · Mark 9:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Matthew 12:22
TSK
Mark 5:23
TSK
Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen.
Mark 9:25
TSK
Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò.
Luke 9:38
TSK
Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen.
John 4:47
TSK
Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.