Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè.
TSK
TSK · Matthew 12:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.
Lè farizyen yo wè sa, yo di l' konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo.
Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
Yo t'ap pare pèlen pou li pou pran kèk pawòl nan bouch li.
Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?
Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.
Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. [Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.
Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a.