TSK

TSK · Matthew 13:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè.

Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.

¶ Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.

Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.

Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo.

Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.

¶ Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.

Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.

Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.

Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.

Acts 5:1 TSK

¶ Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen.

Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.

Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.