TSK

TSK · Matthew 26:39

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.

Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.

David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.

Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab.

Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.

Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a.

Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.

John 6:38 TSK

Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.

¶ Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a.

Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a?

¶ Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.

Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.