Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.
TSK
TSK · Numbers 1:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè doulè a te pi rèd, fanmchay la di l': -Ou pa bezwen pè. Ou fè yon pitit gason ankò.
Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
¶ Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.
¶ Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.
Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a.
Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
¶ Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri.
Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil nan tout branch ras pèp Izrayèl la.