TSK

TSK · Numbers 26:62

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,

Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.

Yo jwenn antou witmil senksankatreven gason.

Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.

-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.

Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.

Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la.

Moyiz te gen tan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pa t' bay moun fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan tè sa yo.