TSK

TSK · Numbers 3:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li.

Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.

Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo.

Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.

¶ Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a.

Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.

Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.

Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl,

Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.

Ezra 6:18 TSK

Apre sa, yo òganize sèvis tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Yo separe prèt yo an divès kategori, yo separe moun Levi yo an divès klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fè, jan sa ekri nan liv Moyiz la.