W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.
TSK
TSK · Numbers 4:15
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.
Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo.
Men li pa bay noun Keyat yo anyen, paske se sou zepòl yo pou yo pote tout bagay ki nan kote ki apa nèt pou Bondye a.
Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.
¶ Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.
¶ Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l', li soutni Bwat Kontra a.
¶ Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou.
¶ Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a.
Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l' mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre pawòl Seyè a.