TSK

TSK · Zechariah 2:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.

Li fè m' pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l' yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay.

Li mezire yon lòt senksan mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lòt senksan mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren.

Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen men, Seyè a, ki di sa:

¶ Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan.