-Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an.
TSK
TSK · 1 Chronicles 21:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.
Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.
¶ Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.
¶ Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.
Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.
Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen.
Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.