TSK

TSK · 1 Chronicles 6:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l' wè sak tapral rive pitit la.

Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan.

Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.

¶ W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt.

¶ Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.

Nan branch fanmi Ouzyèl la te gen Aminadad, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sandouz.

Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.