Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.
TSK
TSK · 2 Chronicles 23:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: --Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou.
David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.
David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li.
Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.
Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
¶ Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.
Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.