TSK

TSK · Genesis 41:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sèt vach tout mèg, tout lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou.

Sèt lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la.

¶ Grangou a te rèd anpil toupatou. pa t' gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a.

¶ Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.

Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,

Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l' nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.

Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa.