TSK

TSK · Lamentations 2:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.

Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo.

Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn.

Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.

Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.

Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.

Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.

Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.

Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m'! Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo.

Malè ap tonbe sou yo yonn apre lòt. Yon seri move nouvèl ap vini yonn dèyè lòt. Yo pral mande pwofèt la ki vizyon li fè pou yo. Prèt yo p'ap gen anyen pou moutre pèp la. Granmoun yo p'ap gen konsèy pou ba yo.

M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'.

Amos 8:11 TSK

¶ Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a y'a anvi tande. Se Seyè a menm ki di sa.