Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.
TSK
TSK · Numbers 13:20
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo pran kèk fwi peyi a donnen, yo pote ban nou. Epi yo di nou peyi Seyè a ap ban nou an se yon bon venn tè.
Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a.
Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.
¶ Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
¶ De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.
Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.
M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.
Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?