Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo.
TSK
TSK · Proverbs 17:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo.
Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy la. Li di yo: -Papa m' te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou.
¶ Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l': -Vini non! Ann wè sa ki pi fò!
¶ Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
¶ Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.
¶ Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
¶ Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.
Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.
¶ Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a.
Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.
Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.