Lè aktyèl la
Twazyèm Lè - Tierce
Nou sonje Kris devan Pilat, Asansyon Li, ak desant Sentespri a ki renouvle kè nou.
Entwodiksyon Chak Lè
Nan non Papa a ak Pitit la ak Sentespri a
Yon sèl Bondye. Amèn.
Seyè, gen pitye. Seyè, gen pitye. Seyè, beni. Amèn.
Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
LAPRIYÈ SENYÈ A
¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.
Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.
Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]
Lapriyè Remèsiman
Ann remèsye Bondye ki fè tout byen, ki gen mizèrikòd, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, paske Li kouvri nou, Li te ede nou, Li te pwoteje nou, Li te resevwa nou bò kote Li, Li te pran pitye de nou, Li te soutni nou, epi Li te mennen nou rive nan lè sa a. Menm Li tou, ann mande L pou Li prezève nou nan jounen sakre sa a ak nan tout jou lavi nou yo ak tout lapè. Seyè, Bondye nou, Toupisan.
O Mèt, Bondye Toupisan, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, nou remèsye Ou nan tout sikonstans, pou tout bagay, e nan tout tan; paske Ou te kouvri nou, Ou te ede nou, Ou te pwoteje nou, Ou te resevwa nou bò kote Ou, Ou te pran pitye de nou, Ou te soutni nou, epi Ou te mennen nou rive nan lè sa a.
Se poutèt sa, nou mande e nou sipliye, soti nan bonte Ou, O Ou ki renmen lèzòm, ban nou gras pou n ka fini jounen sakre sa a ak tout jou lavi nou yo ak tout lapè, ak krent Ou. Tout jalouzi, tout tantasyon, tout zak dyab la, tout konplo mechan yo, ak leve lènmi kache ak lènmi ki parèt, retire yo lwen nou, lwen tout pèp Ou, ak lwen kote sen sa a. Men sa ki bon e itil yo, ba nou yo. Paske se Ou menm ki ban nou otorite pou n pile sou koulèv ak eskòpyon, ak sou tout pouvwa lènmi an. E pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou anba move a.
Pa gras, pa konpasyon, ak pa lanmou pou lèzòm ki nan Pitit Sèl Ou a, Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri. Menm Li, pa Li menm, laglwa, onè, pouvwa, ak adorasyon ap pou Ou, ansanm avè L, ansanm ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
SÒM 50
¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Kòmansman lapriyè a
Kantig pou Twazyèm Lè nan jounen beni sa a, m ap ofri li bay Kris, Wa mwen ak Bondye mwen; epi m ap mande Li pou Li padonnen peche mwen.
SÒM 19
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a.
Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi.
Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.
Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.
¶ Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.
Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
SÒM 22
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.
Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa.
Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.
Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?
Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.
Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
¶ Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.
Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.
Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.
Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.
Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou.
Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.
Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
¶ M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.
M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.
Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.
Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.
Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.
SÒM 23
¶ Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.
Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.
Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
SÒM 25
¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.
Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
¶ Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.
Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.
L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.
Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
¶ Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.
Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.
Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.
Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.
SÒM 28
¶ Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.
Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.
Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.
Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè.
¶ Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'.
Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.
Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.
SÒM 29
¶ Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
Vwa Seyè a fè zèklè.
Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
SÒM 33
¶ Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.
Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.
Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.
Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.
Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.
Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.
Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.
Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.
Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.
¶ Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!
Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun.
Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.
Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.
Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn.
Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.
Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.
Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.
Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.
SÒM 40
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.
Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò.
Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.
Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo!
Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
¶ Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.
Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'
Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.
Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.
¶ Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'.
Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.
Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè.
Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.
Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa!
Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
SÒM 42
¶ Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?
Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
¶ Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.
Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.
Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?
Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
SÒM 44
¶ Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.
Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.
Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.
¶ Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.
Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
-(we vèsè pwochen)
Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.
¶ Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!
Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.
Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!
SÒM 45
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
¶ Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
¶ Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou.
Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.
Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè.
Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.
SÒM 46
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
¶ Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
Seksyon yo
Lespri Sen Ou a, O Seyè, ke Ou te voye sou disip Sen Ou yo ak apòt apa pou Bondye Ou yo nan Twazyèm Lè a, sa a pa wete li nan nou, O Ou ki bon; men renouvle li andedan nou. “Kreye nan mwen yon kè ki pwòp, O Bondye, e renouvle yon lespri dwat andedan mwen. Pa voye m ale lwen figi Ou, e pa wete Sentespri Ou nan mwen.” (Δόξα Πατρί καὶ Υἱῷ καὶ Ἁγίῳ Πνεύματι - Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.)
O Seyè, Ou menm ki te voye Lespri Sen Ou a sou disip Sen Ou yo ak apòt apa pou Bondye Ou yo nan Twazyèm Lè a, sa a pa wete li nan nou, O Ou ki bon; men n ap mande Ou pou Ou renouvle li andedan nou, O Seyè nou Jezikri, Pitit Bondye, Pawòl la: yon Lespri dwat e vivan, Lespri pwofesi ak lasayite, Lespri sentete, jistis, ak otorite; O Ou ki kapab tout bagay, paske se Ou menm klète nanm nou yo. Ou menm ki klere pou chak moun ki vin nan mond lan, gen pitye de nou. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)
O Manman Bondye a, se Ou menm ki rezen-vini veritab la ki pote grap lavi a; nou sipliye ou, O ou menm ki plen gras, ansanm ak apòt yo, pou delivrans nanm nou yo. Benediksyon pou Seyè, Bondye nou an. Benediksyon pou Seyè a chak jou; Li ranje wout nou, paske Li se Bondye delivrans nou. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)
O Wa ki nan syèl la, Konsolatè a, Lespri verite a, ki prezan tout kote e ki ranpli tout bagay; Trezo tout byen ak Donatè lavi a, vin, tanpri, pran abita nan nou; epi pirifye nou de tout salte, O Ou ki bon, epi sove nanm nou yo. (Δόξα Πατρί καὶ Υἱῷ καὶ Ἁγίῳ Πνεύματι - Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.)
Menm jan Ou te avèk disip Ou yo, O Sovè, e Ou te ba yo lapè; vin tou avèk nou, e ban nou lapè Ou; sove nou, epi delivre nanm nou yo. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)
Lè nou kanpe nan Tanp Sen Ou a, yo konte nou tankou moun k ap kanpe nan syèl la. O Manman Bondye, se Ou menm ki Pòt Syèl la; louvri pou nou pòt mizèrikòd la.
Tenoo oasht emmok o piekhristos nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan
Nou adore Ou, O Kris, ansanm ak Bon Papa Ou ak Sentespri a, paske Ou vini e Ou sove nou.
1. Sentespri Ou, O Seyè, ke Ou voye sou disip sen Ou yo ak apòt onore Ou yo nan Twazyèm Lè a, pa wete Li nan nou, O Bon Jan; men renouvle Li andedan nou. Kreye nan mwen yon kè pwòp, O Bondye, epi renouvle nan mwen yon lespri ki fèm. Pa jete m byen lwen prezans Ou. E pa wete Sentespri Ou nan mwen.
Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati
Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.
2. O Seyè ki voye Sentespri Ou sou disip sen Ou yo ak apòt onore Ou yo nan Twazyèm Lè a, pa wete Li nan nou, O Bon Jan; men nou mande Ou pou renouvle Li anndan nou, O Seyè Jezi Kris, Pitit Bondye a, Pawòl la; yon lespri ki fèm e ki bay lavi, yon lespri pwofesi ak chastete, yon lespri sentete, jistis ak otorite, O Tou‑Pwisan an, paske Ou se limyè nanm nou. Ou menm ki klere sou chak moun k ap antre nan mond lan, gen pitye pou mwen.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
3. O Manman Bondye, ou se pye rezen vrè a ki pote Grap Lavi a; nou mande ou, O plen favè, ansanm ak apòt yo, pou delivrans nanm nou yo. Beni se Seyè a, Bondye nou. Beni se Seyè a chak jou. Li prepare chemen nou, paske Li se Bondye delivrans nou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
4. O Wa ki nan syèl la, Konsolatè a, Lespri verite a, ki prezan toupatou epi ki ranpli tout bagay, trezò tout byen yo ak Bayè lavi a, vin avèk favè, rete nan nou, epi pirifye nou anba tout sa ki sal, O Bon Jan, epi sove nanm nou.
Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati
Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.
5. Menm jan Ou te avèk disip Ou yo, O Sovè, e Ou te ban yo lapè, vin avèk favè tou epi rete avèk nou, epi ba nou lapè Ou, epi sove nou, epi delivre nanm nou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
6. Chak fwa nou kanpe nan sankti sen Ou a, yo konsidere nou kanpe nan syèl la. O Manman Bondye, ou se pòt syèl la, louvri pou nou pòt mizèrikòd la.
Apre sa, moun k ap lapriyè a lapriye:
Seyè, tande nou, gen pitye pou nou, epi padonnen peche nou yo. Amèn.
(Seyè, gen pitye pou nou) 41 fwa
Absolisyon
O Bondye tout konpasyon ak Seyè tout rekonfò, Ou menm ki konsole nou tout tan pa rekonfò Lespri Sen Ou a, nou remèsye Ou paske Ou leve nou pou lapriyè nan lè sakre sa a, lè gras Lespri Sen Ou a te vide ak anpil richès sou disip Sen Ou yo ak apòt apa pou Bondye Oumenm yo tankou lang dife. Nou sipliye ak mande Ou, O Ou ki renmen lèzòm: resevwa lapriyè nou yo; padonnen peche nou yo; voye sou nou gras Lespri Sen Ou a; pirifye nou de tout salte nan kò ak nanm; epi mennen nou nan yon konduit espirityèl; pou n mache dapre Lespri a e pou nou pa akonpli dezi kò a. E fè nou merite pou n sèvi Ou ak pite ak jistis tout jou lavi nou. Paske laglwa, onè, ak pouvwa ap pou Ou, ansanm ak Papa Ou ki bon ak Sentespri a, koulye a ak tout tan, e pou tout tan. Amèn.
Letani yo li nan fen chak Lè
Gen pitye de nou, O Bondye, epi gen pitye de nou. Ou menm ki nan tout tan ak chak lè, nan syèl la ak sou tè a, resevwa adorasyon ak glwa: Kris Bondye nou an, ki bon, ki pran tan, ki anpil nan mizèrikòd, ki rich nan konpasyon; Ou ki renmen jis yo, e Ou gen mizèrikòd pou pechè yo, pami yo se mwen menm ki premye; Ou pa vle lanmò pechè a, men olye sa, pou li tounen vin jwenn Ou epi viv; Ou rele tout moun pou yo sove poutèt pwomès byen yo k ap tann yo.
O Seyè, resevwa nan men nou nan lè sa a ak nan chak lè, demann nou yo. Fasilite lavi nou; dirije nou pou n fè kòmandman Ou yo; senctifye nanm nou; pirifye kò nou; leve panse nou; netwaye entansyon nou; geri maladi nou; epi padonnen peche nou yo. Delivre nou anba tout tristès ki mal ak doulè kè. Antoure nou ak zanj sen Ou yo, pou ak kan yo nou ka prezève ak dirije, rive nan inite lafwa a, epi nan konesans laglwa Ou ki envizib ak san limit; paske Ou beni pou tout tan. Amèn.
O Bondye, fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...