Lè aktyèl la
Nevyèm Lè - None
Nou sonje lanmò sovè Kris sou kwa a ak repantans vòlè a ki te mande pou yo sonje li nan Wayòm Li.
Entwodiksyon Chak Lè
Nan non Papa a ak Pitit la ak Sentespri a
Yon sèl Bondye. Amèn.
Seyè, gen pitye. Seyè, gen pitye. Seyè, beni. Amèn.
Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
LAPRIYÈ SENYÈ A
¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.
Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.
Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]
Lapriyè Remèsiman
Ann remèsye Bondye ki fè tout byen, ki gen mizèrikòd, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, paske Li kouvri nou, Li te ede nou, Li te pwoteje nou, Li te resevwa nou bò kote Li, Li te pran pitye de nou, Li te soutni nou, epi Li te mennen nou rive nan lè sa a. Menm Li tou, ann mande L pou Li prezève nou nan jounen sakre sa a ak nan tout jou lavi nou yo ak tout lapè. Seyè, Bondye nou, Toupisan.
O Mèt, Bondye Toupisan, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, nou remèsye Ou nan tout sikonstans, pou tout bagay, e nan tout tan; paske Ou te kouvri nou, Ou te ede nou, Ou te pwoteje nou, Ou te resevwa nou bò kote Ou, Ou te pran pitye de nou, Ou te soutni nou, epi Ou te mennen nou rive nan lè sa a.
Se poutèt sa, nou mande e nou sipliye, soti nan bonte Ou, O Ou ki renmen lèzòm, ban nou gras pou n ka fini jounen sakre sa a ak tout jou lavi nou yo ak tout lapè, ak krent Ou. Tout jalouzi, tout tantasyon, tout zak dyab la, tout konplo mechan yo, ak leve lènmi kache ak lènmi ki parèt, retire yo lwen nou, lwen tout pèp Ou, ak lwen kote sen sa a. Men sa ki bon e itil yo, ba nou yo. Paske se Ou menm ki ban nou otorite pou n pile sou koulèv ak eskòpyon, ak sou tout pouvwa lènmi an. E pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou anba move a.
Pa gras, pa konpasyon, ak pa lanmou pou lèzòm ki nan Pitit Sèl Ou a, Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri. Menm Li, pa Li menm, laglwa, onè, pouvwa, ak adorasyon ap pou Ou, ansanm avè L, ansanm ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
SÒM 50
¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Kòmansman lapriyè a
Kantig pou Nevyèm Lè nan jounen beni sa a, m ap ofri li bay Kris, Wa mwen ak Bondye mwen; epi m ap mande Li pou Li padonnen peche mwen.
SÒM 95
¶ Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!
Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.
Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'.
Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
¶ Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:
-Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.
Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
SÒM 96
¶ Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!
Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.
Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!
Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
¶ Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.
Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.
Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,
lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
SÒM 97
¶ Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
¶ Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
SÒM 98
¶ Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.
¶ Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!
Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.
Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.
Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.
SÒM 99
¶ Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!
Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.
Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!
¶ Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo.
Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.
SÒM 100
¶ Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.
Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!
Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!
Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.
SÒM 109
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.
Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.
Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.
M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.
¶ Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.
Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.
Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.
Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.
Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.
Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.
¶ Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.
Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.
Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.
Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.
Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.
Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.
Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.
M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.
SÒM 110
¶ Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
¶ Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.
L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.
Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo.
SÒM 111
¶ Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.
Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.
Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.
Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.
Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.
¶ Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.
L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.
Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!
Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
SÒM 112
¶ Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
¶ Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.
Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.
Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
SÒM 114
¶ Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.
Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.
SÒM 115
¶ Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!
Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an?
Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.
Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.
Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.
Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
¶ Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.
L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.
Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.
Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!
Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.
Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.
Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!
LEKTI LEVANJIL LA SELON SEN LIK (9:10-17)
¶ Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda.
Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.
Lè solèy kòmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezè.
Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pèp sa a?
(Te gen senkmil gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita pa ranje senkant konsa.
Disip yo koute l', yo fè tout moun chita.
Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo.
Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.
Tenoo oasht emmok o piekhristos nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan
Nou adore Ou, O Kris, ansanm ak Bon Papa Ou ak Sentespri a, paske Ou vini e Ou sove nou.
1. O, Ou ki te gen gou lanmò nan lachè nan nevyèm lè a poutèt nou, nou menm pechè yo, touye dezi kò nou yo, O Kris, Bondye nou, epi delivre nou. Se pou siplikasyon mwen pwoche devan Ou, O Seyè; selon pawòl Ou, ban mwen konpreyansyon. Se pou demann mwen antre devan prezans Ou; selon pawòl Ou, fè mwen viv ankò.
Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati
Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.
2. O Ou menm ki te remèt lespri a nan men Papa a pandan Ou te pann sou kwa a, nan nevyèm lè a, epi Ou te mennen vòlè a ki te kloure avèk Ou a pou antre nan Paradi a, pa neglije mwen, O Bon Jan, ni pa rejte mwen, mwen menm ki pèdi a; men senyen nanm mwen epi eklere entèlijans mwen, epi pèmèt mwen patisipe nan favè mistè Ou yo ki bay lavi; pou, lè mwen goûte bonte Ou yo, mwen ofri Ou lwanj san chalè, pandan m ap anvi pou bèlte Ou pi plis pase tout bagay, O Kris, Seyè nou; epi delivre nou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
3. O Ou ki te fèt nan Vyèj la poutèt nou, e ki te sipòte kwisifiksyon, O Bon Jan, e ki te aboli lanmò pa lanmò Ou, e ki te manifeste rezirèksyon pa rezirèksyon Ou, O Bondye, pa vire do bay sila Ou te kreye ak pwòp men Ou; men, O Bon Jan, montre lanmou Ou pou limanite. Aksepte nan men manman Ou entèsesyon pou nou. Delivre, O Sovè, yon pèp ki imil. Pa kite nou jouk lafen, e pa abandone nou pou tout tan. Pa kraze alyans Ou, e pa wete mizèrikòd Ou nan nou, poutèt Abraram, zanmi Ou, Izarak, sèvitè Ou, ak Izrayèl, sen Ou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
4. Lè vòlè a te wè Prens Lavi a pann sou kwa a, li di: “Si Sila ki kloure avèk nou an pa t Bondye ki vin tounen moun, solèy la pa t ap kache reyon li yo, ni tè a pa t ap tranble. Men, O Tou‑Pwisan ki sipòte tout bagay, sonje mwen, O Seyè, lè Ou vini nan Wayòm Ou.”
Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati
Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.
5. O, Ou ki te resevwa konfisyon vòlè a sou kwa a, resevwa tou nou menm, O Bon Jan; nou menm ki merite santans lanmò akoz peche nou yo. Nou tout konfese peche nou ansanm avè l, epi n ap rekonèt divenite Ou, epi n ap rele avè l: “Sonje nou, O Seyè, lè Ou vini nan Wayòm Ou.”
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
6. Lè manman an te wè Ti Mouton an ak Bèje a, Sovè lemonn, pann sou Kwa a, li t ap kriye lè li t ap di: “Lemonn ap rejwi paske li resevwa delivrans, tandiske kè mwen ap brile pandan m ap gade kwisifiksyon Ou ke Ou ap andire pou tout moun, Pitit mwen ak Bondye mwen.”
Apre sa, moun k ap lapriyè a lapriye:
Seyè, tande nou, gen pitye pou nou, epi padonnen peche nou yo. Amèn.
(Seyè, gen pitye pou nou) 41 fwa
Absolisyon
O Bondye Papa, Papa Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri; Li menm ki, lè Li te parèt, te sove nou e te delivre nou anba esklavaj lènmi an; n ap mande Ou nan non beni, gran, ak terib Li a: deplase lespri nou soti nan swen mond lan ak dezi kò a, pou mennen nou nan sonje jijman syèl Ou yo; epi konplete nan nou renmen Ou pou lèzòm, O Ou ki bon. Se pou lapriyè nou yo tout tan, ak lapriyè Lè Nevyèm sa a, ka resevwa devan Ou. E ban nou gras pou n mache jan sa merite apèl la yo rele nou an; pou, lè nou soti nan kò sa a, yo konte nou ak moun ki adore e ki merite soufrans Pitit Sèl Ou a, Jezikri, Senyè nou; e pou nou jwenn mizèrikòd, padon peche nou yo, ak delivrans, ansanm ak foul sen yo ki te fè Ou plezi depi tout tan jouk pou tout tan.
O Bondye, kraze tout fòs advèsè a de sou nou ak tout lame li yo ki mal; menm jan Pitit Sèl Ou a te kraze yo pa pouvwa kwa Li ki bay lavi. E resevwa nou bò kote Ou, O Seyè Jezikri, menm jan Ou te resevwa vòlè ki te adwat la lè Ou te pann sou pyebwa kwa a. Eklere nou menm jan Ou te eklere sila yo te nan fènwa lanfè a. Fè nou tout retounen nan Paradi delis la; paske Ou menm, O Seyè, Se yon Bondye beni; e se pou Ou ansanm ak Papa Ou ki bon ak Sentespri a, gen laglwa, onè, pouvwa, otofò, ak adorasyon, pou tout tan. Amèn.
Letani yo li nan fen chak Lè
Gen pitye de nou, O Bondye, epi gen pitye de nou. Ou menm ki nan tout tan ak chak lè, nan syèl la ak sou tè a, resevwa adorasyon ak glwa: Kris Bondye nou an, ki bon, ki pran tan, ki anpil nan mizèrikòd, ki rich nan konpasyon; Ou ki renmen jis yo, e Ou gen mizèrikòd pou pechè yo, pami yo se mwen menm ki premye; Ou pa vle lanmò pechè a, men olye sa, pou li tounen vin jwenn Ou epi viv; Ou rele tout moun pou yo sove poutèt pwomès byen yo k ap tann yo.
O Seyè, resevwa nan men nou nan lè sa a ak nan chak lè, demann nou yo. Fasilite lavi nou; dirije nou pou n fè kòmandman Ou yo; senctifye nanm nou; pirifye kò nou; leve panse nou; netwaye entansyon nou; geri maladi nou; epi padonnen peche nou yo. Delivre nou anba tout tristès ki mal ak doulè kè. Antoure nou ak zanj sen Ou yo, pou ak kan yo nou ka prezève ak dirije, rive nan inite lafwa a, epi nan konesans laglwa Ou ki envizib ak san limit; paske Ou beni pou tout tan. Amèn.
O Bondye, fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la