Lapriyè Chak Lè

Lè aktyèl la

Vèspè - Onzyèm Lè

Nan solèy kouche nou remèsye pou pwoteksyon Bondye epi nou konfese peche nou yo ak espwa nan mizerikòd Li.

Entwodiksyon Chak Lè

Nan non Papa a ak Pitit la ak Sentespri a

Yon sèl Bondye. Amèn.

Seyè, gen pitye. Seyè, gen pitye. Seyè, beni. Amèn.

Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.

LAPRIYÈ SENYÈ A

¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.

Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.

Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]

Lapriyè Remèsiman

Ann remèsye Bondye ki fè tout byen, ki gen mizèrikòd, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, paske Li kouvri nou, Li te ede nou, Li te pwoteje nou, Li te resevwa nou bò kote Li, Li te pran pitye de nou, Li te soutni nou, epi Li te mennen nou rive nan lè sa a. Menm Li tou, ann mande L pou Li prezève nou nan jounen sakre sa a ak nan tout jou lavi nou yo ak tout lapè. Seyè, Bondye nou, Toupisan.

O Mèt, Bondye Toupisan, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, nou remèsye Ou nan tout sikonstans, pou tout bagay, e nan tout tan; paske Ou te kouvri nou, Ou te ede nou, Ou te pwoteje nou, Ou te resevwa nou bò kote Ou, Ou te pran pitye de nou, Ou te soutni nou, epi Ou te mennen nou rive nan lè sa a.

Se poutèt sa, nou mande e nou sipliye, soti nan bonte Ou, O Ou ki renmen lèzòm, ban nou gras pou n ka fini jounen sakre sa a ak tout jou lavi nou yo ak tout lapè, ak krent Ou. Tout jalouzi, tout tantasyon, tout zak dyab la, tout konplo mechan yo, ak leve lènmi kache ak lènmi ki parèt, retire yo lwen nou, lwen tout pèp Ou, ak lwen kote sen sa a. Men sa ki bon e itil yo, ba nou yo. Paske se Ou menm ki ban nou otorite pou n pile sou koulèv ak eskòpyon, ak sou tout pouvwa lènmi an. E pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou anba move a.

Pa gras, pa konpasyon, ak pa lanmou pou lèzòm ki nan Pitit Sèl Ou a, Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri. Menm Li, pa Li menm, laglwa, onè, pouvwa, ak adorasyon ap pou Ou, ansanm avè L, ansanm ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.

SÒM 50

¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.

Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.

Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.

Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.

Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.

Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!

¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.

Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.

Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.

Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.

Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?

Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.

Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.

¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?

Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.

Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.

Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.

Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.

Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Kòmansman lapriyè a

Kantig pou Vèsp (Aswè) beni an, m ap ofri li bay Kris, Wa mwen ak Bondye mwen; epi m ap mande Li pou Li padonnen peche mwen

SÒM 116

¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.

Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.

Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.

Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!

Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.

Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.

Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.

Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.

Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.

¶ Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!

menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!

Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?

M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.

Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.

Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!

Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.

M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.

-(we vèsè pwochen)

Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!

SÒM 117

¶ Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!

Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!

SÒM 119

¶ Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!

Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.

¶ Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.

Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!

Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.

¶ M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.

Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.

¶ Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.

¶ Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.

¶ Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.

¶ Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

¶ M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè.

M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.

Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.

¶ Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

¶ Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

¶ Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.

¶ Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

¶ Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.

¶ Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.

¶ Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

¶ Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.

¶ Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.

Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.

¶ Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.

Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.

¶ Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.

M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.

¶ Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.

Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.

¶ Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.

Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.

¶ Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.

¶ Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.

¶ Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

¶ Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!

¶ Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.

Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.

¶ Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.

M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

¶ M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.

M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.

M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

¶ Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.

¶ Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.

¶ Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.

¶ Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj.

¶ Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.

¶ Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.

¶ Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè.

Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.

¶ Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.

¶ M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.

¶ Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.

Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

¶ Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.

¶ Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

¶ Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

¶ Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

¶ Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.

Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.

¶ Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.

¶ Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.

Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.

¶ Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.

¶ Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.

¶ Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.

¶ Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.

¶ Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.

¶ Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.

Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

¶ Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.

Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.

¶ Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.

¶ Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.

Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?

¶ Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.

¶ Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?

¶ Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.

Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!

Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.

¶ Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.

¶ Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.

Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.

¶ Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.

¶ Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

¶ Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.

¶ Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

¶ Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.

¶ Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

¶ Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.

Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

¶ Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

¶ Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

¶ Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

¶ Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

¶ Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.

¶ Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.

¶ Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.

¶ Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.

Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.

¶ Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.

Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.

¶ Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.

¶ Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.

¶ Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.

¶ Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.

Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.

¶ Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.

Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.

M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.

¶ Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo.

Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.

¶ Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la.

¶ Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a.

Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.

¶ Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.

¶ Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.

Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

¶ Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'.

¶ Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

¶ Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.

¶ Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!

¶ Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.

¶ Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.

¶ Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.

¶ Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.

Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

¶ Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.

¶ Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.

¶ Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.

¶ Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

¶ Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.

Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.

¶ M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.

M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!

¶ Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.

¶ Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.

¶ Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.

¶ Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!

Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.

¶ Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.

¶ Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.

¶ Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.

¶ Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.

¶ Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

¶ Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.

¶ Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.

¶ Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

¶ Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

¶ Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

¶ M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.

¶ M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.

M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.

¶ Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.

Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.

¶ Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.

¶ Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!

Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

¶ Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.

¶ Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

SÒM 120

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

SÒM 121

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?

Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

SÒM 122

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.

Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.

Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.

¶ Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!

Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

SÒM 123

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.

Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.

Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.

SÒM 124

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

Wi, lavalas ta pote nou ale.

¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.

Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

SÒM 125

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan.

Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.

¶ Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.

Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.

SÒM 126

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!

Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

¶ Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

SÒM 127

¶ Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.

Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.

Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.

Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.

SÒM 128

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!

Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.

Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!

Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.

Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!

LEKTI LEVANJIL LA SELON SEN LIK (4:38-41)

Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li.

Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo.

Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo.

Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.

Tenoo oasht emmok o piekhristos nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan

Nou adore Ou, O Kris, ansanm ak Bon Papa Ou ak Sentespri a, paske Ou vini e Ou sove nou.

1. Si moun ki jis la sove ak difikilte, ki kote mwen menm pechè a m ap parèt? Chay ak chalè jounen an mwen pa t andire akoz feblès limanite mwen. Men, O Bondye ki gen mizèrikòd, konte mwen ak travayè onzyèm lè yo. Paske, men wi, nan inikite yo yo te konsevwa mwen, e nan peche manman m te fè m. Se poutèt sa, mwen pa oze leve je m sou Syèl la; men, mwen repoze sou abondans mizèrikòd Ou ak lanmou Ou pou lèzòm, pandan m ap rele: “Bondye, padonnen mwen, yon pechè, epi gen pitye pou mwen.”

Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati

Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.

2. Prese Ou, O Sovè, pou louvri pou mwen pwatrin papa yo, paske mwen gaspiye lavi m nan plezi ak dezi; epi jounen an pase sou mwen epi li disparèt. Se poutèt sa, kounye a, mwen repoze sou richès konpasyon Ou ki pap janm fini. Donk, pa abandone yon kè soumèt ki bezwen mizèrikòd Ou. Paske se devan Ou menm, O Seyè, mwen kriye avèk imilite: “Papa, mwen peche kont Syèl la ak devan Ou, e mwen pa merite yo rele mwen pitit Ou ankò; fè m tankou youn nan domestik Ou yo.”

Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.

Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.

3. Chak inikite mwen te fè avèk ladrès ak aktivite, e chak peche mwen te komèt avèk anvi ak dilijans; epi mwen merite tout touwman ak jijman. Se poutèt sa, prepare pou mwen chemen repantans yo, O Dàm Vyèj; paske se bò kote ou mwen rele, e atravè ou mwen chèche entèsesyon, e sou ou mwen rele pou ede m, pou yo pa fè m wont. E lè nanm mwen va kite kò m, okipe mwen, epi kraze konplo lènmi yo, epi fèmen pòt Lakay mò a, pou yo pa vale nanm mwen, O ou menm lamarye san repwòch la nan Vrè Mari a.

Apre sa, moun k ap lapriyè a lapriye:

Seyè, tande nou, gen pitye pou nou, epi padonnen peche nou yo. Amèn.

(Seyè, gen pitye pou nou) 41 fwa

Absolisyon

Nou remèsye Ou, O Wa ki gen konpasyon, paske Ou ban nou favè pou nou pase jounen sa a ak lapè, e Ou mennen nou nan aswè ap remèsye; e Ou fè nou merite pou nou wè limyè aswè a. O Bondye, resevwa lwanj nou an kounye a. E delivre nou anba manti advèsè a; epi kraze tout lòt pèlen li yo li plase pou nou. Ban nou nan lannuit k ap vini an sekirite san doulè, san traka, san fatra, san vizyon ki mal; pou n pase li tou ak lapè ak lasayite; epi pou n leve nèt pou fè lwanj ak lapriyè tout tan ak tout kote, n ap bay glwa Non Sen Ou nan tout bagay, ansanm ak Papa a ki enkonpreyansib e ki san kòmansman, ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou, koulye a ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.

Letani yo li nan fen chak Lè

Gen pitye de nou, O Bondye, epi gen pitye de nou. Ou menm ki nan tout tan ak chak lè, nan syèl la ak sou tè a, resevwa adorasyon ak glwa: Kris Bondye nou an, ki bon, ki pran tan, ki anpil nan mizèrikòd, ki rich nan konpasyon; Ou ki renmen jis yo, e Ou gen mizèrikòd pou pechè yo, pami yo se mwen menm ki premye; Ou pa vle lanmò pechè a, men olye sa, pou li tounen vin jwenn Ou epi viv; Ou rele tout moun pou yo sove poutèt pwomès byen yo k ap tann yo.

O Seyè, resevwa nan men nou nan lè sa a ak nan chak lè, demann nou yo. Fasilite lavi nou; dirije nou pou n fè kòmandman Ou yo; senctifye nanm nou; pirifye kò nou; leve panse nou; netwaye entansyon nou; geri maladi nou; epi padonnen peche nou yo. Delivre nou anba tout tristès ki mal ak doulè kè. Antoure nou ak zanj sen Ou yo, pou ak kan yo nou ka prezève ak dirije, rive nan inite lafwa a, epi nan konesans laglwa Ou ki envizib ak san limit; paske Ou beni pou tout tan. Amèn.

O Bondye, fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...