Lapriyè Chak Lè

Lè aktyèl la

Lapriyè Vwal

Lapriyè sa a, ant Konplin ak Minwi, yo rele Vwal; li fèt sitou pa mwàn, prèt, ak evèk kòm yon fason pou egzaminen kè a anvan dòmi.

Lapriyè lè aswè yo rele Lè Vwal Fènwa a oswa Rido Fènwa a (Sitàr, ak “s” la fèmen), lè li fèt se lè premye fènwa lannuit antre; li espesyal pou pè rèlijye yo.

LAPRIYÈ SENYÈ A

¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.

Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.

Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]

LAPRIYÈ REMÈSIMAN

¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.

Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.

Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]

SÒM 50

¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.

Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.

Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.

Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.

Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.

Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!

¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.

Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.

Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.

Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.

Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?

Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.

Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.

¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?

Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.

Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.

Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.

Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.

Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Lapriyè Vwal ki beni a,

¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.

Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.

Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.

Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.

Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.

Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!

¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.

Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.

Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.

Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.

Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?

Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.

Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.

¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?

Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.

Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.

Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.

Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.

Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

SÒM 4

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.

Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!

Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.

Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.

Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!

¶ Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!

Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.

Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.

SÒM 6

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!

Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.

Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?

Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.

Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.

Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.

Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.

¶ Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.

Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.

Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

SÒM 8

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!

Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.

¶ Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,

m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?

Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.

Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:

Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,

zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.

Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

SÒM 12

¶ Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.

Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?

Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.

Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

SÒM 15

¶ Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?

Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li,

ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj.

Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè.

Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!

SÒM 24

¶ Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.

Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.

¶ Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?

Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.

Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.

Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.

¶ Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!

Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.

Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!

Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.

SÒM 26

¶ Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.

Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',

Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.

Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.

Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.

¶ Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,

pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.

Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.

Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,

ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.

Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.

M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.

SÒM 66

¶ Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!

Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.

Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.

Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.

Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!

Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?

¶ Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!

Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.

Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.

Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.

Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.

¶ M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.

M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.

M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.

vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.

Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.

Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.

Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.

Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.

SÒM 69

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.

M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.

Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.

Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.

Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.

Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.

Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.

Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.

Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.

Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.

Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.

Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.

¶ Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.

Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.

Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.

Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.

Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.

vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.

Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.

Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.

Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.

¶ Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.

Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!

Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!

Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.

Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.

Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.

Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.

Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.

¶ M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.

Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.

Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.

Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.

Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.

L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.

Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.

Sòm ki annapre yo chwazi nan Twazyèm Lè a:

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.

M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.

Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.

Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.

Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.

Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.

Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.

Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.

Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.

Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.

Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.

Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.

¶ Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.

Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.

Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.

Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.

Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.

vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.

Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.

Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.

Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.

¶ Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.

Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!

Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!

Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.

Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.

Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.

Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.

Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.

¶ M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.

Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.

Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.

Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.

Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.

L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.

Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.

SÒM 22

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?

Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.

Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.

Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.

Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa.

Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.

Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.

Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?

Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.

Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.

¶ Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.

Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.

Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.

Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.

Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.

Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.

Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.

Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.

Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou.

Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.

Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!

¶ M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.

Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.

Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.

M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.

Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.

Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.

Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.

Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.

Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.

Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.

SÒM 29

¶ Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!

Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!

Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.

Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!

Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.

Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.

Vwa Seyè a fè zèklè.

Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.

Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.

Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.

Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

SÒM 42

¶ Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.

Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?

Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?

Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.

Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

¶ Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.

Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.

Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.

Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?

Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?

Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

Sòm ki annapre yo chwazi nan Sizyèm Lè a:

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.

Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.

Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?

Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!

Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.

Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.

¶ Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.

M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.

Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?

O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.

Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.

SÒM 56

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.

Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.

Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?

Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!

Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.

Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.

¶ Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.

M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.

Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?

O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.

Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.

SÒM 85

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!

Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.

Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!

Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!

Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?

Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?

Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!

¶ M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.

Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.

Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!

Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.

Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.

Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.

SÒM 90

¶ Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.

Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.

Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.

Milan pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.

Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.

Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.

¶ Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.

Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.

Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.

Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.

Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?

¶ Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.

Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.

Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.

Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.

Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

Sòm 109

Seyè a di Senyè mwen an: Chita adwat mwen, jouk mwen mete lènmi Ou yo anba pye Ou. Baton pouvwa a, Seyè a va voye li soti nan Siyon; Ou va gouvène nan mitan lènmi Ou yo. Avèk Ou, gen prensip nan jou fòs Ou, nan bèlte sen yo; soti nan vant la, anvan zetwal maten an, Mwen te fè Ou fèt.

Seyè a fè sèman, Li pap tounen dèyè li: Ou se prèt pou tout tan dapre lòd Melkisedèk. Seyè a sou bò dwat Ou; nan jou kòlè Li, Li va kraze wa yo. Li va fè jijman nan mitan nasyon yo; Li va ranpli yo ak kadav; Li va kraze tèt anpil sou tè a. Sou wout la, Li pral bwè dlo nan rivyè a; se poutèt sa Li leve tèt Li. Aleluya.

SÒM 96

¶ Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!

Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.

Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.

Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.

Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!

Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!

Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!

Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.

¶ Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.

Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.

Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,

lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.

SÒM 109

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.

Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.

Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.

Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.

M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.

¶ Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.

Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.

Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.

Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.

Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.

Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.

Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.

Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.

Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.

Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,

paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.

Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.

Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.

Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.

Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.

¶ Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.

Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.

Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.

Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.

Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.

Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.

Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.

Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.

M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,

paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.

SÒM 114

¶ Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,

Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.

Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.

Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.

Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?

Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?

Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.

Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.

SÒM 115

¶ Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!

Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an?

Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.

Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.

Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.

Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.

Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.

Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

¶ Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.

Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.

Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.

Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.

L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.

Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.

Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!

Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.

Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.

Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!

Sòm 129

Soti nan pwofondè yo, mwen rele Ou, O Seyè. O Seyè, tande vwa mwen! Se pou zòrèy Ou atantif pou vwa siplikasyon mwen an. Si Ou fè kont peche yo, O Seyè, O Seyè, kiyès ki ka kenbe devan Ou? Paske padon soti bò kote Ou. Pou non Ou, mwen te tann Ou, O Seyè; nanm mwen te tann lalwa Ou. Nanm mwen te tann Seyè a depi gad maten an jouk aswè: depi gad maten an, se pou Izrayèl tann Seyè a. Paske mizèrikòd soti bò Seyè a; e delivrans Li gwo; e Li va rachte Izrayèl anba tout peche li yo. Aleluya.

SÒM 120

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Sòm 131

Sonje, O Seyè, David ak tout doule li yo; kijan li te fè sèman bay Seyè a, li te fè ve bay Bondye Jakòb la: ‘Mwen pap antre nan kay mwen; mwen pap monte sou kabann mwen; mwen pap bay je m dòmi, ni je m pa gen dòmi; ni m pap bay tanpèt mwen repo; jouk mwen jwenn yon plas pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la.’ Gade, nou te tande pale de li nan Efrata; nou te jwenn li nan chan bwa a. Ann antre nan lojman Li yo; ann adore nan kote kote pye Li yo te poze.

Leve, O Seyè, nan repo Ou; Ou menm ak Bwat Kay Sen Ou a. Se pou prèt Ou yo mete jistis, e se pou sen Ou yo fè kè kontan. Pou David, sèvitè Ou, pa vire figi Ou de Kris Ou a. Seyè a fè sèman bay David ak verite, e Li pap vire dèyè: ‘M ap mete nan pitit vant ou yon moun sou fotèy ou. Si pitit gason ou yo kenbe alyans mwen ak temwayaj mwen ke m ap moutre yo, pitit yo ap chita tou pou tout tan sou fotèy ou.’ Paske Seyè a te chwazi Siyon; Li te renmen li pou loje Li: ‘Sa a se plas repo mwen pou tout tan; isit la, m ap rete, paske Mwen te vle li. Mwen va beni manje li yo anpil; mwen va rassazye pòv li yo ak pen. Mwen va vesti prèt li yo ak delivrans, e sen li yo va fè kè kontan anpil. La a, Mwen va fè yon kòn pou David pouse; Mwen te pare yon lanp pou Kris Mwen an. Pou lènmi li yo, Mwen va mete wont; men sou li, sen mwen va fleri.’ Aleluya.

Sòm 132

Gade, ki bèl, ki dous li ye pou frè yo rete ansanm! Tankou bon sant sou tèt la, k ap desann sou bab Aawon, k ap desann sou kol vès li; tankou lawouze Ermon, k ap desann sou mòn Siyon; paske la a, Seyè a bay lòd benediksyon an ak lavi pou tout tan. Aleluya.

SÒM 129

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.

Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

¶ Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.

Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.

Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

SÒM 130

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.

Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?

Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.

¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.

N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.

Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

SÒM 131

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.

Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.

SÒM 132

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.

Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:

-Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,

mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',

toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.

Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.

Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.

Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.

Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.

Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.

¶ Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.

Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.

Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.

Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.

M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.

M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.

Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.

M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

SÒM 133

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.

Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

SÒM 136

¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:

Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

SÒM 140

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,

anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.

Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.

Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.

Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.

Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.

Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.

¶ Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!

Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!

Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.

Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.

Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.

Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.

SÒM 145

¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.

Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.

Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,

pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.

Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.

L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.

Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.

Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.

Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.

L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.

L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.

M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.

Lapè avè ou

Lapè avè ou. Nou sipliye ou, O Sent, plen ak glwa, Vyèj tout tan, Manman Bondye a, Manman Kris la: pote monte lapriyè nou yo bay Pitit renmen Ou a, pou Li padonnen peche nou yo.

Lapè pou sila ki te fè nou fèt Limyè a, Kris Bondye nou an, o Vyèj Sen an: mande Seyè a pou nou, pou Li gen mizèrikòd pou nanm nou, epi pou Li padonnen peche nou yo.

O Vyèj Mari, Manman Bondye a, Sen entèsesè fidèl pou ras limanite a, entèse pou nou devan Kris la, ke Ou te fè, pou Li fè nou favè padon peche nou yo.

Lapè avè ou, O Vyèj, Rèn vrè a; lapè pou lwanj ras nou an; Ou te fè nou fèt Emanyèl. Nou sipliye ou: sonje nou, O entèsesè fidèl, devan Senyè nou Jezikri, pou Li padonnen peche nou yo.

LEKTI LEVANJIL LA SELON SEN JAN (6:15-23)

¶ Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.

Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a.

Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pa t' ankò vin jwenn yo.

Dlo lanmè a te move paske van an te fò.

Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè.

Men, Jezi di yo: Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

Yo te vle pran l' nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gen tan rive kote yo taprale a.

¶ Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pa t' moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo.

Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a.

Tenoo oasht emmok o piekhristos

nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan

Nou adore Ou, O Kris, ansanm ak Bon Papa Ou ak Sentespri a, paske Ou vini e Ou sove nou.

1. Seyè, Ou konnen vijilans lènmi m yo, e pou feblès mwen, Ou okouran de li, O Kreyatè mwen. Donk, mwen depoze nanm mwen nan Men Ou. Kouvri mwen ak zèl bonte Ou, pou m pa dòmi jouk lanmò. Eklere je m ak grandè pawòl Ou yo, epi leve m tout tan pou m glorifye Ou, paske Se Ou menm sèl ki bon e ki renmen lèzòm.

Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati

Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.

2. Seyè, Jijman Ou terib anpil; lè yo pral pouse foul moun yo, zanj yo pral kanpe, liv yo pral ouvri, zèv yo pral revele, epi panse yo pral egzamine. Kijan jijman pa m lan va ye, mwen menm ki mare nan peche?! Kilès ki ka etenn flanm dife ki bò kote m?! Kilès ki ka eklere fènwa mwen, si se pa Ou menm, Seyè?! Gen pitye pou mwen, paske Ou gen konpasyon pou lèzòm.

Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.

Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.

3. O Manman Bondye, paske nou mete konfyans nou nan ou, nou pap wont, men n ap sove. E paske nou jwenn èd ou ak entèsesyon ou, O pi pwòp ak pafè a, nou pap pè, men n ap kouri dèyè lènmi nou yo, epi n ap gaye yo. E, nan tout bagay, nou pran gwo èd ou pou pwoteje nou tankou ak yon boukliye. Nou mande e nou sipliye ou, pandan n ap rele, O Manman Bondye, pou delivre nou pa entèsesyon ou yo, epi leve nou soti nan dòmi fènwa a, pou n ka ak fòs glorifye Bondye ki te pran lachè nan men ou.

Κύριε ἐλέησον (Seyè, gen pitye) 41 fwa

Sen, Sen, Sen

Sen, Sen, Sen, Seyè, Bondye lame yo. Syèl la ak tè a plen ak laglwa Ou ak onè Ou. Gen pitye de nou, O Bondye Papa Toupisan. O Trinite Sen an, gen pitye de nou. O Seyè, Bondye lame yo, rete avè nou; paske nou pa gen okenn lòt èd nan tribilasyon ak lapenn nou yo, pase Ou menm.

Dekone, padonnen, e pase sou yo pou nou, O Bondye, tout mechanste nou yo: sa nou fè ak volonte nou, ak sa nou pa fè ak volonte nou; sa nou fè ak konesans, ak sa nou fè san konesans; sa ki kache ak sa ki parèt. O Seyè, padonnen yo pou nou, poutèt non sen Ou ki rele sou nou. Dapre mizèrikòd Ou, O Seyè, e pa dapre peche nou yo.

E fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...

Absolisyon

O Seyè Jezikri, Bondye nou an, ban nou repo nan dòmi nou, repo nan kò nou, ak pite nan nanm nou. E pwoteje nou kont fènwa peche ki anvayi a. Se pou mouvman pasyon yo trankil; e se pou chalè kò a etenn. Kraze bri kò a; epi ban nou yon lespri veyatif, yon panse imil, yon konduit ki plen vèti, yon kabann ki san tach, ak yon kouche ki pwòp.

Leve nou pou lwanj lannuit ak Lè Prim nan, ki fèm nan kòmandman Ou yo, epi ki kenbe nan tèt nou tout tan souvni jijman Ou yo. Ban nou gras pou n ka bay Ou glwa pandan tout lannuit lan; pou nou beni Non Sen Ou ki plen ak laglwa ak bèlte; ansanm ak Papa Ou ki bon, ak Sentespri a ki bay lavi, koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.

Letani yo li nan fen chak Lè

Gen pitye de nou, O Bondye, epi gen pitye de nou. Ou menm ki nan tout tan ak chak lè, nan syèl la ak sou tè a, resevwa adorasyon ak glwa: Kris Bondye nou an, ki bon, ki pran tan, ki anpil nan mizèrikòd, ki rich nan konpasyon; Ou ki renmen jis yo, e Ou gen mizèrikòd pou pechè yo, pami yo se mwen menm ki premye; Ou pa vle lanmò pechè a, men olye sa, pou li tounen vin jwenn Ou epi viv; Ou rele tout moun pou yo sove poutèt pwomès byen yo k ap tann yo.

O Seyè, resevwa nan men nou nan lè sa a ak nan chak lè, demann nou yo. Fasilite lavi nou; dirije nou pou n fè kòmandman Ou yo; senctifye nanm nou; pirifye kò nou; leve panse nou; netwaye entansyon nou; geri maladi nou; epi padonnen peche nou yo. Delivre nou anba tout tristès ki mal ak doulè kè. Antoure nou ak zanj sen Ou yo, pou ak kan yo nou ka prezève ak dirije, rive nan inite lafwa a, epi nan konesans laglwa Ou ki envizib ak san limit; paske Ou beni pou tout tan. Amèn.

O Bondye, fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...

Konklizyon Chak Lè