Lapriyè Chak Lè

Lè aktyèl la

Lapriyè minwi

A minwi nou veye pou vini Seyè a epi nou sonje lapriyè Li nan Jetsemani.

LAPRIYÈ SENYÈ A

¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.

Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.

Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]

LAPRIYÈ REMÈSIMAN

SÒM 50

¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.

Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.

Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.

Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.

Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.

Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!

¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.

Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.

Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.

Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.

Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?

Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.

Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.

¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?

Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.

Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.

Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.

Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.

Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Apre sa, moun k ap lapriyè a di:

SÒM 133

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.

Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

Leve, nou pitit limyè yo

Leve, nou pitit limyè yo, pou nou fè lwanj Seyè a, Bondye lame yo; pou Li ba nou favè delivrans nanm nou yo. Lè nou kanpe devan Ou nan kò nou, retire sòmon nan tèt nou dòmi neglijans lan. Bay nou, O Seyè, vijilans, pou nou konprann kijan pou nou kanpe devan Ou nan lè lapriyè a; pou n monte pou Ou anlè lwanj ki merite a; e pou n jwenn padon pou anpil peche nou yo. (Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

“Benediksyon pou Seyè a, nou tout sèvitè Seyè a, k ap kanpe nan Kay Seyè a, nan lakou Bondye nou an. Nan lannuit, leve men nou nan kè sanktifye a, epi beni Seyè a. Se Seyè a ki beni nou depi Siyon; Li menm ki fè syèl la ak tè a.” (Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

“Se pou demann mwen vin pre Ou, O Seyè; selon pawòl Ou, ban mwen konpreyansyon. Se pou lapriyè mwen antre devan Ou, O Seyè; selon pawòl Ou, fè m viv. Se pou bouch mwen koule lwanj, le Ou moutre m règleman Ou yo. Lang mwen va pale pawòl Ou yo, paske tout kòmandman Ou yo dwat. Se pou men Ou vin sove mwen, paske mwen te anvi kòmandman Ou yo. Mwen te anvi delivrans Ou, O Seyè, e lalwa Ou se meditasyon mwen. Se pou nanm mwen viv, e li va fè lwanj Ou; e jijman Ou yo va ede mwen. Mwen te twonnen tankou yon mouton ki pèdi; chache sèvitè Ou, paske mwen pa janm bliye kòmandman Ou yo.”

Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn. Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, depi koulye a e jouk pou tout tan tout tan. Amèn. Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm ki bon. Lapè pou Manman Ou, Vyèj la, ansanm ak tout Sen Ou yo. Glwa a Ou, O Trinite Sen an; gen pitye de nou.

“Se pou Bondye leve; e se pou tout lènmi Li yo gaye; e se pou tout sa ki rayi Non Sen Li a kouri lwen figi Li.” Men pou pèp Ou a, se pou yo resevwa benediksyon: mil pa mil, dizmil pa dizmil, k ap fè volonte Ou. O Seyè, louvri bouch mwen, epi se pou bouch mwen anonse lwanj Ou. Amèn. Aleluya.

Kòmansman lapriyè a

SÒM 3

¶ David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!

Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!

Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.

¶ Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.

Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.

Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.

Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.

Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.

SÒM 6

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!

Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.

Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?

Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.

Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.

Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.

Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.

¶ Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.

Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.

Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

SÒM 12

¶ Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.

Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?

Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.

Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

SÒM 69

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.

M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.

Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.

Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.

Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.

Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.

Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.

Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.

Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.

Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.

Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.

Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.

¶ Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.

Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.

Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.

Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.

Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.

vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.

Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.

Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.

Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.

¶ Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.

Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!

Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!

Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.

Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.

Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.

Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.

Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.

¶ M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.

Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.

Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.

Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.

Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.

L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.

Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.

SÒM 85

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!

Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.

Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!

Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!

Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?

Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?

Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!

¶ M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.

Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.

Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!

Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.

Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.

Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.

SÒM 90

¶ Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.

Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.

Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.

Milan pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.

Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.

Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.

¶ Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.

Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.

Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.

Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.

Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?

¶ Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.

Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.

Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.

Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.

Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

SÒM 116

¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.

Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.

Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.

Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!

Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.

Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.

Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.

Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.

Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.

¶ Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!

menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!

Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?

M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.

Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.

Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!

Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.

M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.

-(we vèsè pwochen)

Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!

SÒM 117

¶ Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!

Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!

SÒM 118 (I)

¶ Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.

Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?

Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo.

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.

Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou.

Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.

Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.

Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.

Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.

¶ Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi.

Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'.

Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.

Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!

Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!

Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou.

Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.

Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!

Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

(Sòm 119)

(1) Byennere yo ki san fay nan wout la, k ap mache dapre lalwa Seyè a. Byennere yo ki chache temwayaj Li yo, ki chache Li ak tout kè yo; paske moun k ap fè sa ki mal pa vle mache nan chemen Li yo. Ou te kòmande pou byen veye kòmandman Ou yo. O, si chemen mwen te dwat pou m kenbe règleman Ou yo! Lè sa a, mwen p ap wont, lè m pran swen tout kòmandman Ou yo. Mwen pral remèsye Ou ak dwatès kè mwen, lè mwen te aprann jijman jistis Ou yo. M ap kenbe règleman Ou yo; pa janm lage m nèt ale. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(2) Ki jan yon jenn gason kenbe chemen li pwòp? Lè li veye pawòl Ou yo. Avèk tout kè mwen, mwen chache Ou; pa kite m pa lwen kòmandman Ou yo. Mwen kache pawòl Ou yo nan kè mwen, pou m pa peche kont Ou. Ou beni, O Seyè; moutre m règleman Ou yo. Avèk bouch mwen, mwen te anonse tout jijman nan bouch Ou. Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo tankou sou tout richès. Sou kòmandman Ou yo, m ap pale; e mwen va reflechi sou chemen Ou yo. Nan règleman Ou yo, m ap medite; e mwen p ap bliye pawòl Ou. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(3) Fè byen ak sèvitè Ou, pou m viv, e pou m kenbe pawòl Ou yo. Louvri je m, pou m ka wè mèvèy ki nan lalwa Ou. Mwen se etranje sou tè a; pa kache kòmandman Ou yo pou mwen. Nanm mwen anvi anpil jijman Ou yo tout tan. Ou te menase moun awogan yo, moun modi yo, ki devye de kòmandman Ou yo. Retire sou mwen wont ak mepri, paske mwen te chache temwayaj Ou yo. Chèf yo te chita ap pale sou mwen; men sèvitè Ou t ap medite sou règleman Ou yo. Temwayaj Ou yo se leson mwen; e règleman Ou yo se konsèy mwen. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(4) Nanm mwen kole ak pousyè; fè m viv selon pawòl Ou. Mwen te rakonte chemen mwen yo, epi Ou te reponn mwen; moutre m règleman Ou yo. Fè m konprann chemen jirisprudans Ou yo, pou m ka medite mèvèy Ou yo. Nanm mwen t ap fennen ak lapenn; ranfòse m dapre pawòl Ou. Pran chemen enjistis la lwen mwen; epi gen pitye de mwen dapre lalwa Ou. Mwen te chwazi chemen verite a; mwen pa t bliye jijman Ou yo. Mwen kole ak temwayaj Ou yo; O Seyè, pa kite m wont. Nan chemen kòmandman Ou yo, mwen te kouri, lè Ou te elaji kè mwen. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(5) Fikse pou mwen, O Seyè, yon lalwa nan chemen règleman Ou yo, pou m swiv li tout tan. Bay mwen konpreyansyon pou m chache lalwa Ou, e pou m kenbe li ak tout kè mwen. Dirije m nan vwa kòmandman Ou yo, paske se yo mwen renmen. Panche kè mwen sou temwayaj Ou yo, pa sou enjistis. Fè je m tounen, pou yo pa gade bagay ki pa anyen; nan chemen Ou yo, fè m viv. Fikse pawòl Ou pou sèvitè Ou, dapre krent Ou. Retire sou mwen wont mwen te pè a, paske jijman Ou yo dous. Gade, mwen te anvi kòmandman Ou yo; nan jistis Ou, fè m viv. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(6) Se pou mizèrikòd Ou vini sou mwen, O Seyè, delivrans Ou selon pawòl Ou; pou m ka reponn moun k ap meprize mwen, paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou. Pa retire pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete espwa mwen nan jijman Ou yo. E m ap kenbe lalwa Ou tout tan; pou tout tan, e pou laj laj yo. Mwen pral mache nan lajès, paske mwen te chache kòmandman Ou yo. Mwen pral pale sou temwayaj Ou devan wa yo, e mwen p ap wont. Mwen va medite nan kòmandman Ou yo ke mwen te renmen anpil; mwen va leve men mwen yo nan kòmandman Ou yo ke mwen te renmen anpil, e m ap reflechi sou règleman Ou yo. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(7) Sonje pawòl Ou pou sèvitè Ou, kote Ou fè m mete espwa mwen; sa a te konsole mwen nan mizè mwen, paske pawòl Ou te fè m viv. Moun awogan yo te depase lalwa a nèt; men mwen pa t vire do bay lalwa Ou. Mwen te sonje jijman Ou depi tout tan, O Seyè, e mwen te konsòle. Tristès te pran mwen poutèt mechan yo ki te kite lalwa Ou. Règleman Ou yo te chante pou mwen nan kote etranje mwen. Nan lannuit, mwen te sonje Non Ou, O Seyè, e mwen te kenbe lalwa Ou. Sa a te vin pou mwen, paske mwen te chache règleman Ou yo. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(8) Ou se pòsyon mwen, O Seyè; mwen te di: m ap kenbe kòmandman Ou yo. Mwen te chache figi Ou ak tout kè mwen; gen pitye de mwen selon pawòl Ou. Mwen te reflechi sou chemen mwen, e mwen te retounen pye mwen nan temwayaj Ou yo. Mwen te pare, e mwen pa t pran reta pou m kenbe kòmandman Ou yo. Lasyen mechan yo te antoure m; men mwen pa t bliye lalwa Ou. Nan mitan lannuit, mwen leve pou m remèsye Ou poutèt jijman jistis Ou yo. Mwen se konpayon tout moun ki gen krent Ou ak moun ki kenbe kòmandman Ou yo. Latè plen ak mizèrikòd Ou, O Seyè; moutre m jirisprudans Ou. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(9) Ou te fè byen ak sèvitè Ou, O Seyè, selon pawòl Ou: bonte, disiplin, ak konesans: moutre m, paske mwen te kwè kòmandman Ou yo. Anvan mwen te imilye, mwen te parese; se poutèt sa mwen kenbe pawòl Ou. Ou bon, O Seyè; nan bonte Ou, moutre m règleman Ou yo. Moun awogan yo te miltipliye enjistis sou mwen; men mwen ak tout kè mwen, mwen chache kòmandman Ou yo. Kè yo te vin di tankou grès; men mwen te medite sou lalwa Ou. Li te bon pou mwen Ou te imilye m, pou m aprann règleman Ou yo. Lalwa nan bouch Ou pi bon pou mwen pase dè milye lò ak ajan. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(10) Men Ou yo te fè m, yo te fòme m; bay mwen konpreyansyon pou m aprann kòmandman Ou yo. Moun ki gen krent Ou yo ap wè m epi yo va rejwi, paske mwen te mete espwa mwen nan pawòl Ou. Mwen konnen, O Seyè, jijman Ou yo jis, e nan verite Ou Ou te fè m soufri. Se pou mizèrikòd Ou vin sou mwen pou konsole m, dapre pawòl Ou bay sèvitè Ou. Se pou konpasyon Ou vini sou mwen pou m viv; paske lalwa Ou se leson mwen. Se pou moun awogan yo wont, paske yo te fè injistis sou mwen san rezon; e mwen ap konsantre sou kòmandman Ou yo. Se pou moun ki gen krent Ou yo, ki konnen temwayaj Ou yo, retounen vin jwenn mwen. Se pou kè mwen san fay nan jirisprudans Ou, pou m pa wont. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(11) Nanm mwen anvi delivrans Ou; e mwen mete espwa mwen nan pawòl Ou. Je mwen yo te bouke ap tann pawòl Ou, yo t ap di: Kilè Ou va konsole m? Mwen te vin tankou yon blòk kid ki pandye sou lafimen; e mwen pa t bliye règleman Ou yo. Konbyen jou sèvitè Ou? Kilè Ou va fè jijman pou mwen kont moun k ap pèsekite m yo? Moun ki vyole lalwa a t ap pale avè m pawòl san sans, men pa janm tankou lalwa Ou, O Seyè; paske tout kòmandman Ou yo se verite. Yo te pèsekite m avèk enjistis; ede m! Yo te prèt pou fè m fini sou tè a; men mwen pa t kite kòmandman Ou yo. Dapre mizèrikòd Ou, fè m viv; e m ap kenbe temwayaj bouch Ou. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(12) O Seyè, pawòl Ou rete pou tout tan nan syèl la. Verite Ou rete pou jenerasyon ak jenerasyon. Ou te tabli tè a, e li rete fèm; pa òdonans Ou a, lajounen tou rete fèm; paske tout bagay yo sèvi Ou. Si lalwa Ou pa t tounen meditasyon mwen, mwen ta peri nan mizè mwen. Pou tout tan, mwen p ap bliye kòmandman Ou yo, paske yo fè m viv. Mwen se pou Ou; delivre m, paske mwen te chache kòmandman Ou yo. Mechan yo te veye mwen pou detwi m; men mwen te konprann temwayaj Ou yo. Mwen te wè fen pou tout bagay parfe; men kòmandman Ou yo laj anpil. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(13) O Seyè, konbyen mwen renmen lalwa Ou! Se meditasyon mwen tout lajounen an. Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase lènmi mwen yo, paske yo rete avè m pou tout tan. Mwen gen plis konprann pase tout moun ki moutre m yo, paske temwayaj Ou yo se leson mwen. Mwen gen plis konprann pase granmoun yo, paske mwen te chache kòmandman Ou yo. Mwen te anpeche pye mwen sou tout chemen mechan pou m ka kenbe pawòl Ou. Mwen pa t vire do bay pawòl Ou, paske Ou te mete pou mwen yon lalwa. Pawòl Ou yo dous nan bouch mwen; pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Soti nan kòmandman Ou yo, mwen te pran entèlijans; se poutèt sa mwen rayi tout chemen enjistis. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(14) Pawòl Ou se yon lanp pou pye mwen ak yon limyè pou chemen mwen. Mwen te fè sèman e mwen kenbe li, pou m gade jijman jistis Ou yo. Mwen te imilye anpil jouk nan fon; O Seyè, fè m viv selon pawòl Ou. Aksepté ofrann bouch mwen, O Seyè, epi moutre m jijman Ou yo. Nanm mwen nan men mwen tout tan; men mwen pa t bliye lalwa Ou. Mechan yo te mete pèlen pou mwen; men mwen pa t devye apa de kòmandman Ou yo. Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan; paske yo se kè kontan kè mwen. Mwen te panche kè mwen pou m fè jistis Ou a pou tout tan, (poutèt rekonpans lan). (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(15) Mwen rayi moun ki vyole lalwa; men mwen renmen lalwa Ou. Paske se Ou menm ki sekou mwen ak defansè mwen; epi mwen mete espwa mwen nan pawòl Ou. Ale lwen mwen, nou tout mechan yo; pou m ka chache kòmandman Bondye mwen. Kenbe m dapre pawòl Ou, pou m viv; e pa fè wont espwa mwen. Ede m, e m ap sove; e m ap reflechi sou kòmandman Ou yo tout tan. Ou te jete tout moun sou tè a ki vire do bay kòmandman Ou yo, paske panse yo se enjistis. Ou te konte tout pechè sou tè a tankou salèz; se poutèt sa, mwen te renmen temwayaj Ou. Mete krent Ou nan chè mwen, paske mwen pè jijman Ou yo. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(16) Mwen te fè jistis ak jijman; pa lage m nan men moun k ap fè enjistis kont mwen. Vin garant pou sèvitè Ou a pou byen; pou moun awogan yo pa fè m mal. Je mwen bouke ap tann delivrans Ou ak pawòl jistis Ou. Fè ak sèvitè Ou dapre mizèrikòd Ou; epi moutre m règleman Ou yo. Mwen se sèvitè Ou; bay mwen konpreyansyon pou m ka konnen temwayaj Ou yo. Li lè pou Seyè a aji, paske yo te kraze lalwa Ou. Se poutèt sa mwen te renmen kòmandman Ou yo plis pase lò ak pyè ki gen anpil valè; epi poutèt sa, devan tout kòmandman Ou yo mwen te fikse mwen, e mwen te rayi chak chemen enjistis. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(17) Temwayaj Ou yo se mèvèy; se poutèt sa, nanm mwen kenbe yo. Revelasyon pawòl Ou yo klere, e li bay ti yo entèlijans. Mwen te louvri bouch mwen, e mwen te rale souf, paske mwen te anvi kòmandman Ou yo. Gade sou mwen, gen pitye de mwen, jan Ou konn fè ak moun ki renmen Non Ou. Fikse etap mwen dapre pawòl Ou, pou okenn enjistis pa pran pouvwa sou mwen. Delivre m anba enjistis lèzòm, e m ap kenbe kòmandman Ou yo. Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou, epi moutre m règleman Ou yo. Je mwen rann dlo rivyè, paske yo pa t kenbe lalwa Ou. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(18) Ou jis, O Seyè, e jijman Ou yo dwat. Ou te òdone anpil jistis ak verite, ki se temwayaj Ou yo. Zèl pou kay Ou te manje m, paske lènmi mwen yo te bliye kòmandman Ou yo. Pawòl Ou a, li taye taye anpil; e sèvitè Ou renmen li. Mwen piti e m pa gen valè; men mwen pa t bliye règleman Ou yo. Jistis Ou se jistis pou tout tan; e pawòl Ou se verite. Tribilasyon ak distrès te jwenn mwen; men kòmandman Ou yo se leson mwen. Temwayaj Ou yo jis pou tout tan; bay mwen konpreyansyon, e fè m viv. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(19) Mwen te rele avèk tout kè mwen; reponn mwen, O Seyè; mwen chache règleman Ou yo. Mwen te rele; sove m, pou m ka kenbe temwayaj Ou yo. Mwen leve anvan tan; mwen rele; e mwen mete espwa mwen nan pawòl Ou. Je mwen te prevan tan maten an, pou m medite sou pawòl Ou yo. Tande vwa mwen, O Seyè, dapre mizèrikòd Ou; dapre jijman Ou yo, fè m viv. Yo pwoche bò kote m, moun k ap pouswiv mwen ak mechanste; yo te lwen lalwa Ou. Ou pre, O Seyè; e tout kòmandman Ou yo se verite. Depi okòmansman mwen konnen sou temwayaj Ou yo, Ou te tabli yo pou tout tan. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(20) Gade mizè mwen, e delivre m; paske mwen pa t bliye lalwa Ou. Pran ka mwen, epi delivre m; dapre pawòl Ou, fè m viv. Delivrans byen lwen de pechè yo, paske yo pa chache règleman Ou yo. Konpasyon Ou yo anpil, O Seyè; dapre jijman Ou yo, fè m viv. Anpil yo se moun k ap pèsekite m ak k ap aflige m; men mwen pa te detounen soti nan temwayaj Ou yo. Mwen te wè moun ki sòt yo, epi mwen te tris, paske yo pa t kenbe pawòl Ou. Gade, paske mwen te renmen kòmandman Ou yo; nan mizèrikòd Ou, O Seyè, fè m viv. Kòmansman pawòl Ou se verite; epi tout jijman jistis Ou yo rete pou tout tan. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(21) Chèf yo te pèsekite m san rezon; men kè mwen te pè pawòl Ou. Mwen rejwi nan pawòl Ou tankou moun ki jwenn anpil bwa. Mwen rayi enjistis, e mwen rayi li; men mwen renmen lalwa Ou. Sèt fwa nan yon jou, mwen fè lwanj Ou pou jijman jistis Ou yo. Gran lapè pou moun ki renmen lalwa Ou; e pa gen pyèj pou yo. Mwen te atann delivrans Ou, O Seyè; e mwen te renmen kòmandman Ou yo. Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo, e mwen te renmen yo anpil. Mwen te kenbe kòmandman Ou yo ak temwayaj Ou yo; e tout chemen mwen yo devan Ou. (Doxa ci Vilan`;rwpe: Glwa a Ou, O Ou ki renmen lèzòm)

(22) Se pou demann mwen vin pre Ou, O Seyè; selon pawòl Ou, ban mwen konpreyansyon. Se pou lapriyè mwen antre devan Ou, O Seyè; selon pawòl Ou, fè m viv. Se pou bouch mwen koule lwanj, lè Ou moutre m règleman Ou yo. Se pou lang mwen pale pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat. Se pou men Ou vin pou delivre mwen, paske mwen te anvi kòmandman Ou yo. Mwen te anvi delivrans Ou, O Seyè; e lalwa Ou se meditasyon mwen. Se pou nanm mwen viv, e li va fè lwanj Ou; epi jijman Ou yo va ede m. Mwen te pèdi tankou yon mouton ki pèdi; chache sèvitè Ou, paske mwen pa t bliye kòmandman Ou yo. Aleluya.

(Matye 25:1-13) “Alò, Peyi Wa ki nan syèl la ap sanble ak dis jenn fi ki pran lanp yo, yo soti al kontre lamarye a. Senk nan yo te sòt, e senk te saj. Sòt yo te pran lanp yo, men yo pa t pran lwil ak yo. Men saj yo te pran lwil nan veso yo ansanm ak lanp yo. Lè lamarye a te pran reta, yo tout te dòmi. Nan mitan lannuit, yo tande yon rèl: ‘Men lamarye a! Soti, al kontre li!’ Lè sa a, tout jenn fi yo leve, yo ranje lanp yo. Sòt yo di bay saj yo: ‘Ban nou yon ti lwil nan pa nou, paske lanp nou yo prèt pou yo etenn.’ Men saj yo reponn: ‘Petèt li p ap sifi pou nou ak pou nou menm; ale pito lakay machann yo, achte pou nou menm.’ Pandan yo t al achte, lamarye a vini; moun ki te pare yo antre avè l nan fèt la, yo fèmen pòt la. Apre sa, rès jenn fi yo vini tou, yo di: ‘Seyè, Seyè, ouvri pou nou!’ Men li reponn: ‘M ap di nou laverite: mwen pa konnen nou.’ Se poutèt sa, veye; paske nou pa konnen jou a ni lè a lè Pitit Lòm lan ap vini.” (E glwa toujou pou Bondye.)

Seksyon yo

Men lamarye a ap vini nan mitan lannuit; byennere sèvitè li jwenn l ap veye; men sila li jwenn neglijan, li pa merite mache avè L. Se poutèt sa, O nanm mwen, gade pou ou pa lou nan dòmi; pou yo pa jete ou deyò nan Peyi Wa a; men veye, e rele: Sen, Sen, Sen, Ou menm, O Bondye; pa entèsesyon Manman Bondye a, gen pitye de nou. (Δόξα Πατρί καὶ Υἱῷ καὶ Ἁγίῳ Πνεύματι - Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.)

Reflechi, O nanm mwen, sou jou sa a ki terib; leve, e klere lanp ou ak lwil kè kontan; paske ou pa konnen kilè vwa a ap vini di: ‘Men lamarye a ap vini!’ Gade, O nanm mwen, pou ou pa dòmi, pou yo pa kite ou kanpe deyò ap bat pòt tankou senk jenn fi sòt yo; men veye, ap sipliye, pou ou rankontre Seyè a, ak lwil grès; pou Li fè ou gras nan fèt glwa diven Li a ki vre. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)

Se Ou menm miray delivrans nou, O Manman Bondye Vyèj la; fòs ki enpénétrabl ak ki pap kraze; kraze konsèy advèsè yo; chanje tristès sèvitè Ou yo an kè kontan; ranfòse vil nou (mòn nou / monastè nou), epi konbat pou chèf (dirijan) nou; epi entèse pou lapè lemonn, paske se Ou menm espwa nou, O Manman Bondye. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)

O Wa ki nan syèl la, Konsolatè a, Lespri verite a, ki prezan tout kote e ki ranpli tout bagay; Trezo tout byen ak Donatè lavi a, vin, tanpri, pran abita nan nou; epi pirifye nou de tout salte, O Ou ki bon, epi sove nanm nou yo. (Δόξα Πατρί καὶ Υἱῷ καὶ Ἁγίῳ Πνεύματι - Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.)

Menm jan Ou te avèk disip Ou yo, O Sovè, e Ou te ba yo lapè; vin tou avèk nou, e ban nou lapè Ou; sove nou, epi delivre nanm nou yo. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)

Lè nou kanpe nan Tanp Sen Ou a, yo konte nou tankou moun k ap kanpe nan syèl la. O Manman Bondye, se Ou menm ki Pòt Syèl la; louvri pou nou pòt mizèrikòd la.

Κύριε ἐλέησον (Seyè, gen pitye) 41 fwa

Sen, Sen, Sen

Sen, Sen, Sen, Seyè, Bondye lame yo. Syèl la ak tè a plen ak laglwa Ou ak onè Ou. Gen pitye de nou, O Bondye Papa Toupisan. O Trinite Sen an, gen pitye de nou. O Seyè, Bondye lame yo, rete avè nou; paske nou pa gen okenn lòt èd nan tribilasyon ak lapenn nou yo, pase Ou menm.

Dekone, padonnen, e pase sou yo pou nou, O Bondye, tout mechanste nou yo: sa nou fè ak volonte nou, ak sa nou pa fè ak volonte nou; sa nou fè ak konesans, ak sa nou fè san konesans; sa ki kache ak sa ki parèt. O Seyè, padonnen yo pou nou, poutèt non sen Ou ki rele sou nou. Dapre mizèrikòd Ou, O Seyè, e pa dapre peche nou yo.

E fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...

Dezyèm Sèvis la

SÒM 118 (VIII)

¶ Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!

Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.

¶ Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.

Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!

Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.

¶ M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.

Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.

¶ Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.

¶ Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.

¶ Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.

¶ Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

¶ M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè.

M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.

Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.

¶ Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

¶ Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

¶ Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.

¶ Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

¶ Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.

¶ Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.

¶ Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

¶ Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.

¶ Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.

Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.

¶ Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.

Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.

¶ Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.

M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.

¶ Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.

Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.

¶ Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.

Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.

¶ Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.

¶ Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.

¶ Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

¶ Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!

¶ Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.

Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.

¶ Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.

M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

¶ M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.

M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.

M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

¶ Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.

¶ Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.

¶ Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.

¶ Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj.

¶ Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.

¶ Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.

¶ Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè.

Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.

¶ Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.

¶ M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.

¶ Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.

Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

¶ Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.

¶ Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

¶ Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

¶ Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

¶ Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.

Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.

¶ Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.

¶ Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.

Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.

¶ Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.

¶ Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.

¶ Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.

¶ Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.

¶ Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.

¶ Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.

Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

¶ Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.

Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.

¶ Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.

¶ Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.

Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?

¶ Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.

¶ Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?

¶ Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.

Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!

Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.

¶ Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.

¶ Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.

Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.

¶ Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.

¶ Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

¶ Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.

¶ Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

¶ Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.

¶ Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

¶ Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.

Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

¶ Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

¶ Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

¶ Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

¶ Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

¶ Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.

¶ Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.

¶ Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.

¶ Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.

Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.

¶ Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.

Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.

¶ Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.

¶ Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.

¶ Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.

¶ Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.

Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.

¶ Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.

Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.

M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.

¶ Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo.

Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.

¶ Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la.

¶ Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a.

Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.

¶ Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.

¶ Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.

Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

¶ Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'.

¶ Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

¶ Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.

¶ Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!

¶ Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.

¶ Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.

¶ Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.

¶ Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.

Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

¶ Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.

¶ Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.

¶ Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.

¶ Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

¶ Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.

Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.

¶ M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.

M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!

¶ Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.

¶ Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.

¶ Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.

¶ Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!

Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.

¶ Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.

¶ Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.

¶ Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.

¶ Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.

¶ Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

¶ Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.

¶ Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.

¶ Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

¶ Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

¶ Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

¶ M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.

¶ M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.

M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.

¶ Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.

Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.

¶ Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.

¶ Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!

Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

¶ Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.

¶ Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

SÒM 118 (IX)

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

SÒM 118 (X)

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?

Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

SÒM 118 (XI)

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.

Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.

Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.

¶ Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!

Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

SÒM 118 (XII)

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.

Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.

Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.

SÒM 118 (XIII)

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

Wi, lavalas ta pote nou ale.

¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.

Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

SÒM 118 (XIV)

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan.

Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.

¶ Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.

Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.

SÒM 118 (XV)

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!

Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

¶ Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

SÒM 118 (XVI)

¶ Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.

Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.

Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.

Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.

SÒM 118 (XVII)

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!

Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.

Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!

Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.

Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!

Sòm 127

Byennere tout moun ki gen krent pou Seyè a, k ap mache nan chemen Li yo. Ou va manje fwi travay men ou; ou va ere, e tout bagay va bon pou ou. Madanm ou va tankou yon pye rezen ki fè anpil fwi bò kote kay ou; pitit gason ou yo tankou plant oliv ki jenn alantou tab ou. Se konsa yo beni moun ki gen krent pou Seyè a. Seyè a beni ou depi Siyon; e ou va wè byen Jerizalèm nan tout jou lavi ou. Ou va wè pitit pitit ou yo. Lapè sou Izrayèl! Aleluya.

Sòm 128

Anpil fwa yo te atake m depi jenès mwen — se pou Izrayèl di sa — anpil fwa yo te goumen kont mwen depi jènès mwen, men yo pa t gen pouvwa sou mwen. Sou do mwen, pechè yo te bat m, yo te pwolonje mechanste yo. Seyè a dwat; Li koupe kou pechè yo. Se pou yo wont, epi se pou yo retounen dèyè, tout moun ki rayi Siyon; se pou yo tankou zèb sou tèt kay, ki seche avan yo koupe li; zèb ke rekòtè a pa ranpli men li avè l, ni moun k ap ranmase pakèt yo pa ranpli pwatrin li. E moun k ap pase pa di: ‘Benediksyon Seyè a sou nou. Nou beni nou nan non Seyè a.’ Aleluya.

(Lik 7:36-50) “Yonn nan farizyen yo te envite Jezi pou manje lakay li. Li antre lakay farizyen an, li chita bò tab. Gade, te gen yon fanm nan vil la ki te pechè. Lè li te konnen Li chita bò tab lakay farizyen an, li pran yon veso ki gen bon sant, li kanpe dèyè Li bò pye Li, ap kriye; li kòmanse lave pye Li ak dlo nan je li, epi siye yo ak cheve tèt li; li t ap bo pye Li, e li t ap vide bon sant sou yo. Lè farizyen an ki te envite Li a te wè sa, li di nan kè li: ‘Si nonm sa a te pwofèt, li ta konnen ki moun ki manyen Li, e ki jan fanm sa a ye: se yon pechè.’ Jezi reponn li, li di: ‘Simòn, mwen gen yon pawòl pou m di ou.’ Li di: ‘Di li, Mèt.’ ‘Te gen yon moun ki gen de moun ki te dwe li: yonn te dwe senksan dinè, lòt la te dwe senkant. Paske yo pa t gen sa pou yo peye, li padonnen tou de. Ki moun nan yo ki va renmen li plis?’ Simòn reponn: ‘Mwen sipoze se moun yo te padonnen plis la.’ Jezi di li: ‘Ou jije byen.’ Li vire bò fanm nan, li di Simòn: ‘Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou; ou pa t bay mwen dlo pou pye mwen; men li, li lave pye mwen ak dlo nan je li, e li siye yo ak cheve li. Ou pa t bo mwen; men li, depi mwen antre, li pa sispann bo pye mwen. Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li vide bon sant sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: peche li yo, anpil, yo padonnen, paske li te renmen anpil; men moun yo padonnen yon ti kras, renmen yon ti kras.’ Li di fanm nan: ‘Yo padonnen peche ou yo.’ Lè sa a, moun ki t ap chita bò tab yo kòmanse di nan tèt yo: ‘Ki moun li ye ankò pou li padonnen peche?’ Men Li di fanm nan: ‘Lafwa ou sove ou; ale anpè.’ (E glwa toujou pou Bondye.)

Seksyon yo

Ban mwen, O Seyè, sous anpil dlo nan je, menm jan Ou te bay depi lontan bay fanm pechè a; epi fè m merite pou m lave pye Ou, ki te delivre m de chemen erè a; e pou m ofri Ou bon sant ki pi siperyè; e pou m jwenn pou mwen yon lavi ki pwòp pa repantans; pou m ka tande menm vwa a ki plen kè kontan: ‘Lafwa ou sove ou.’ (Δόξα Πατρί καὶ Υἱῷ καὶ Ἁγίῳ Πνεύματι - Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.)

Lè m reflechi sou kantite move zèv mwen yo, epi panse jijman terib sa a antre nan kè mwen, mwen pran tranble; m ap kouri vin jwenn Ou, O Bondye ki renmen lèzòm. Pa vire figi Ou de mwen; mwen ap sipliye Ou, O Ou menm sèl ki san peche: bay nanm malere mwen an kè kraze anvan fen an rive; e sove m. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)

Syèl la beni Ou, O ou menm ki plen ak gras, lamarye san maryaj; nou menm tou, n ap bay lwanj nesans Ou ki pa ka konprann lan. O Manman Bondye, O Manman mizèrikòd ak delivrans, entèse pou delivrans nanm nou yo. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)

O Wa ki nan syèl la, Konsolatè a, Lespri verite a, ki prezan tout kote e ki ranpli tout bagay; Trezo tout byen ak Donatè lavi a, vin, tanpri, pran abita nan nou; epi pirifye nou de tout salte, O Ou ki bon, epi sove nanm nou yo. (Δόξα Πατρί καὶ Υἱῷ καὶ Ἁγίῳ Πνεύματι - Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.)

Menm jan Ou te avèk disip Ou yo, O Sovè, e Ou te ba yo lapè; vin tou avèk nou, e ban nou lapè Ou; sove nou, epi delivre nanm nou yo. (Καὶ νῦν καὶ ἀεὶ καὶ εἰς τοὺς αἰῶνας τῶν αἰώνων. Ἀμήν - Koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.)

Lè nou kanpe nan Tanp Sen Ou a, yo konte nou tankou moun k ap kanpe nan syèl la. O Manman Bondye, se Ou menm ki Pòt Syèl la; louvri pou nou pòt mizèrikòd la.

Κύριε ἐλέησον (Seyè, gen pitye) 41 fwa

Twa Sentesman yo

Sen Bondye, Sen Fò, Sen ki pa janm mouri, ki te fèt nan Vyèj la, gen pitye pou nou. Sen Bondye, Sen Fò, Sen ki pa janm mouri, ki te kloure sou kwa pou nou, gen pitye pou nou. Sen Bondye, Sen Fò, Sen ki pa janm mouri, ki te leve soti vivan nan mò yo e ki te monte nan syèl, gen pitye pou nou. Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn. O Trinite Sen an, gen pitye pou nou. O Trinite Sen an, gen pitye pou nou. O Trinite Sen an, gen pitye pou nou.

O Seyè, padonnen peche nou yo. O Seyè, padonnen inikite nou yo. O Seyè, padonnen mank nou yo. O Seyè, vizite malad pèp Ou a; geri yo poutèt non sen Ou. Papa nou yo ak frè nou yo ki dòmi yo, O Seyè, ban nanm yo repo. Ou menm ki san peche, O Seyè, gen pitye de nou. Ou menm ki san peche, O Seyè, ede nou, epi resevwa demann nou yo bò kote Ou. Paske pou Ou gen laglwa, pouvwa, ak twa fwa sentete. O Seyè, gen pitye. O Seyè, gen pitye. O Seyè, beni. Amèn.

E fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...

Tenoo oasht emmok o piekhristos nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.

Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

¶ Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.

Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.

Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

Apre sa, moun k ap lapriyè a lapriye:

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.

Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?

Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.

¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.

N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.

Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

SEN SEN SEN

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.

Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.

KONKLIZYON CHAK LÈ

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.

Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:

-Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,

mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',

toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.

Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.

Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.

Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.

Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.

Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.

¶ Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.

Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.

Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.

Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.

M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.

M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.

Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.

M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Dezyèm Veye

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.

Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

SÒM 119

¶ Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!

Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.

¶ Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.

Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!

Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.

¶ M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.

Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.

¶ Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.

¶ Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.

¶ Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.

¶ Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

¶ M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè.

M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.

Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.

¶ Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

¶ Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

¶ Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.

¶ Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

¶ Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.

¶ Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.

¶ Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

¶ Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.

¶ Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.

Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.

¶ Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.

Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.

¶ Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.

M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.

¶ Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.

Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.

¶ Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.

Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.

¶ Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.

¶ Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.

¶ Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

¶ Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!

¶ Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.

Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.

¶ Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.

M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

¶ M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.

M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.

M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

¶ Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.

¶ Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.

¶ Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.

¶ Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj.

¶ Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.

¶ Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.

¶ Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè.

Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.

¶ Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.

¶ M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.

¶ Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.

Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

¶ Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.

¶ Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

¶ Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

¶ Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

¶ Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.

Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.

¶ Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.

¶ Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.

Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.

¶ Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.

¶ Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.

¶ Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.

¶ Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.

¶ Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.

¶ Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.

Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

¶ Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.

Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.

¶ Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.

¶ Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.

Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?

¶ Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.

¶ Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?

¶ Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.

Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!

Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.

¶ Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.

¶ Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.

Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.

¶ Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.

¶ Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

¶ Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.

¶ Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

¶ Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.

¶ Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

¶ Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.

Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

¶ Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

¶ Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

¶ Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

¶ Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

¶ Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.

¶ Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.

¶ Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.

¶ Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.

Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.

¶ Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.

Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.

¶ Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.

¶ Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.

¶ Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.

¶ Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.

Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.

¶ Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.

Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.

M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.

¶ Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo.

Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.

¶ Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la.

¶ Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a.

Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.

¶ Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.

¶ Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.

Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

¶ Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'.

¶ Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

¶ Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.

¶ Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!

¶ Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.

¶ Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.

¶ Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.

¶ Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.

Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

¶ Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.

¶ Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.

¶ Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.

¶ Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

¶ Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.

Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.

¶ M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.

M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!

¶ Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.

¶ Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.

¶ Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.

¶ Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!

Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

¶ Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.

¶ Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.

¶ Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.

¶ Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.

¶ Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.

¶ Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

¶ Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.

¶ Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.

¶ Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

¶ Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

¶ Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

¶ M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.

¶ M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.

M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.

¶ Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.

Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.

¶ Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.

¶ Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.

¶ Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!

Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

¶ Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.

¶ Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

SÒM 120

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

SÒM 121

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?

Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

SÒM 122

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.

Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.

Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.

¶ Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!

Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

SÒM 123

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.

Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.

Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.

SÒM 124

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

Wi, lavalas ta pote nou ale.

¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.

Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

SÒM 125

¶ Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!

Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.

Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.

Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.

Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.

Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.

Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.

Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.

Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.

Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.

¶ Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!

Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.

L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.

Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.

Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.

Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?

Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.

Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.

Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!

(10) Sòm 145

Nanm mwen, fè lwanj Seyè a! M ap fè lwanj Seyè a pandan m vivan; m ap chante pou Bondye mwen pandan m egziste. Pa mete konfyans nou nan chèf yo, ni nan pitit lèzòm, kote pa gen delivrans. Lè souf yo soti, yo tounen nan pousyè yo; nan jou sa a, tout panse yo disparèt.

Byennere moun ki gen Bondye Jakòb pou èd li; ki mete espwa li nan Seyè a, Bondye li a; ki fè syèl la ak tè a, lanmè a, ak tout sa ki ladan yo; ki kenbe verite a pou tout tan; ki fè jijman pou opprime yo; ki bay manje pou grangou yo; Seyè a lage prizonye yo; Seyè a leve moun ki tonbe yo; Seyè a bay avèg yo wè; Seyè a renmen jis yo; Seyè a pwoteje etranje yo; Li soutni òfelen ak vèv yo; men chemen pechè yo, Li kraze l. Seyè a va règne pou tout tan; Bondye ou a, O Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon. Aleluya.

(11) Sòm 146

Fè lwanj Seyè a, paske sòm bon; se agreyab pou Bondye nou lè nou fè lwanj. Seyè a rebati Jerizalèm; Li rasanble moun Izrayèl ki gaye yo. Seyè a geri moun k ap soufri nan kè yo; Li mèt tout blese yo. Li konte kantite zetwal yo; epi Li bay yo non tout. Gwo se Seyè a, e fò se pouvwa Li; entèlijans Li pa gen limit. Seyè a leve dou yo; epi Li fè pechè yo desann atè.

Kòmanse ak rekonesans pou Seyè a; chante pou Bondye nou sou gita. Li kouvri syèl la ak nyaj; Li pare lapli pou tè a; Li fè zèb pouse sou mòn yo; ak legim pou sèvis moun yo; Li bay bèt yo manje yo; ak ti kònèy yo ki rele Li. Li pa pran plezi nan fòs chwal la; ni Li pa pran plezi nan pye gason an; men Seyè a pran plezi nan moun ki gen krent pou Li, nan moun ki mete espwa yo nan mizèrikòd Li. Aleluya.

(12) Sòm 147

Fè lwanj Seyè a, O Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, O Siyon. Paske Li te ranfòse baryè pòtay ou yo; Li te beni pitit ou yo andedan ou. Li mete fwontyè ou yo nan lapè; Li plen ou ak bon ble. Li voye pawòl Li sou tè a; pawòl Li kouri vit anpil. Li bay nèj tankou lenn; Li gaye lawouze tankou sann; Li voye laglas tankou ti mòso; devan frèt Li, kiyès ki ka kenbe? Li voye pawòl Li, epi Li fonn yo; Li soufle van Li, epi dlo yo koule. Li fè Jakòb konnen pawòl Li, règleman Li ak jijman Li bay Izrayèl. Li pa t fè konsa pou okenn lòt nasyon; e jijman Li yo, Li pa fè yo konnen yo. Aleluya.

(Lik 12:32-46) “Pa pè, ti bann mouton, paske Papa nou pran plezi pou ba nou Peyi Wa a. Vann byen nou yo, epi bay kòm lacharite; fè pou tèt nou valiz ki pa fin chire; yon trezò nan syèl la ki pap fini, kote vòlè pa pwoche, epi pap gen vè pou gate; paske kote trezò nou ye a, se la kè nou va ye tou. Se pou ren nou mare, e se pou lanp nou limen; e nou menm, tankou moun k ap tann mèt yo, lè li retounen soti nan fèt maryaj la; pou, lè li vini e li frape pòt la, yo ouvri l touswit. Byennere sèvitè sa yo, mèt la va jwenn yo ap veye lè li vini. Vrèman, mwen di nou: li pral mare ren li, li pral fè yo chita, epi li pral vin sèvi yo. E si li vini nan dezyèm veye a, oswa si li vini nan twazyèm veye a, e li jwenn yo konsa, benediksyon pou sèvitè sa yo. Men sa nou dwe konnen: si mèt kay la te konnen ki lè vòlè a ta vini, li ta veye, e li pa t ap kite kay li kraze. Nou menm tou, pare nou; paske nan yon lè nou pa panse, Pitit Lòm nan vini.”

Lè sa a, Pyè di Li: “Seyè, èske Pawòl sa a pou nou menm sèlman, oubyen pou tout moun?” Seyè a di: “Kilès ki se administratè fidèl e saj, ke mèt li a ap mete sou sèvitè li yo pou ba yo manje nan tan ki dwat la? Byennere sèvitè sa a ke mèt li a, lè li vini, li va jwenn li ap fè sa. Vrèman, mwen di nou: li va mete li sou tout byen li yo. Men si sèvitè sa a, malonèt, li di nan kè li: ‘Mèt mwen an pran reta pou vini;’ li kòmanse bat mesye yo ak medam yo, li manje, li bwè, e li sou; mèt sèvitè sa a va vini nan jou li pa espere a, ak nan lè li pa konnen an; li va koupe l an de; e li va mete pati li ansanm ak moun ki pa gen lafwa yo.” (E glwa toujou pou Bondye.)

LEKTI LEVANJIL LA SELON SEN LIK (7:36-50)

¶ Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l' manje.

Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè.

Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo.

Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.

Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi.

Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan goud; lòt la te dwe l' senkant goud.

Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis?

Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn.

Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li.

Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'.

Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen.

Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.

Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen.

Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?

Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Tenoo oasht emmok o piekhristos nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan

Nou adore Ou, O Kris, ansanm ak Bon Papa Ou ak Sentespri a, paske Ou vini e Ou sove nou.

1. Ban mwen, O Seyè, anpil sous dlo nan je, menm jan Ou te bay lontan an fanm pechè a. Fè m merite lave Pye Ou ki te libere m sou chemen erè a, pou m ofri Ou yon lwil santi bon ki presye, epi pou m jwenn, atravè repantans, yon lavi ki pwòp, pou m tande vwa sa a ki plen lajwa: “Lafwa ou te sove ou.”

Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati

Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.

2. Lè mwen sonje anpil move zèv mwen yo, epi panse a jijman terib sa a antre nan kè m, mwen tranble; epi mwen kouri pran refij nan Ou, O Bondye, Zanmi lèzòm. Tanpri, pa vire figi Ou de mwen, mwen sipliye Ou, Ou menm sèl ki san peche. Bay ti nanm pòv mwen an imilite anvan lafen vini, epi sove mwen.

Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.

Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.

3. Syèl yo beni ou, O plen favè, Lamarye ki pa janm marye a. E nou menm tou, nou glorifye nesans ou ki pa ka esplike. O Manman Bondye, manman mizèrikòd ak delivrans, entèsede pou delivrans nanm nou yo.

Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.

Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.

4. O Wa ki nan syèl la, Konsolatè a, Lespri verite a, ki prezan tout kote epi ki ranpli tout bagay, trezò tout byen yo ak Bayè Lavi a, vin avèk favè, epi rete nan nou, epi pirifye nou anba tout salte, O Bon Jan, epi sove nanm nou.

Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati

Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.

5. Menm jan Ou te avèk disip Ou yo, O Sovè, e Ou te ba yo lapè, vin avèk favè tou e rete avèk nou, epi ba nou lapè Ou, epi sove nou, epi delivre nanm nou.

Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.

Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.

6. Chak fwa nou kanpe nan sankti sen Ou a, yo konsidere nou kanpe nan syèl la. O Manman Bondye, ou se pòt syèl la, louvri pou nou pòt mizèrikòd la.

Apre sa, moun k ap lapriyè a lapriye:

Seyè, tande nou, gen pitye pou nou, epi padonnen peche nou yo. Amèn.

(Seyè, gen pitye pou nou) 41 fwa

Kredo Sen Òtodòks la

Vrèman vre, nou kwè nan yon sèl Bondye: Bondye Papa a, Toupisan, Kreyatè syèl la ak tè a, tout sa ki vizib ak sa ki envizib.

Nou kwè nan yon sèl Senyè, Jezikri, Pitit Bondye a, sèl Pitit la, ki fèt nan men Papa a anvan tout laj; Limyè ki sòti nan Limyè; Bondye vre ki sòti nan Bondye vre; fèt, pa kreye; ki gen menm nati ak Papa a; se pa Li tout bagay te fèt. Se pou nou, moun, ak pou delivrans nou, Li desann soti nan syèl; Li te fè kò pa Lespri Sen an ak nan Mari Vyèj la, epi Li te vin moun. Li te kloure sou kwa pou nou sou kòmandman Ponspil Pilat la; Li te soufri, yo te antere Li, epi Li te leve soti vivan nan mitan mò yo nan twazyèm jou selon Ekriti yo; Li te monte nan syèl, epi Li chita sou dwa men Papa Li; e Li pral retounen ankò ak laglwa pou jije vivan yo ak mò yo; Wa Li p ap janm fini.

Wi, nou kwè nan Sentespri a, Seyè ki bay lavi a, ki soti nan Papa a; nou adore Li ak nou bay Li glwa ansanm ak Papa a ak Pitit la; Li te pale pa pwofèt yo.

E nan yon sèl Legliz Sen, Katolik (Inivèsèl), ak Apostolik.

E nou rekonèt yon sèl batèm pou padon peche yo.

E nou tann rezirèksyon mò yo ak lavi laj k ap vini an. Amèn.

Κύριε ἐλέησον (Seyè, gen pitye) 41 fwa

SÒM 129

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.

Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

¶ Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.

Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.

Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

SÒM 131

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.

Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.

SÒM 132